Chapit 11
Jezi sibi tantasyon
Jezi te ale nan dezè a pou l te avèk Bondye. Sovè a te pale avèk Papa nou ki nan Syèl la. Li pa t manje anyen pandan 40 jou paske li t ap jene.
Matye 4: 1–2 (gade referans 1b ak 2c); Lik 4:1–2 (gade referans 2a)
Dyab la te vini epi li te tante Jezi pou l te pwouve ke li sete Pitit Bondye. Toudabò, li te di Jezi pou l te chanje kèk wòch fè yo tounen pen. Jezi te grangou, men li te konnen ke li te dwe itilize pouvwa li sèlman pou ede lòt moun. Li pa t fè sa dyab la te di a.
Matye 2–4; Jezi, Kris la, 128–29
Apresa Sentespri a te mennen Jezi nan yon kote byen wo bò tanp lan. Dyab la te tante Jezi yon dezyèm fwa, li te di l pou l sote sou miray tanp lan. Li te di ke si Jezi sete Pitit Bondye, zanj yo pa t ap kite l tonbe. Jezi pa t sote. Li te konnen ke sa pa t ap bon pou l te itilize pouvwa sakre li yo nan fason sa a.
Matye 4:5–7 (gade referans 5a ak 6a)
Apresa Sentespri a te mennen Jezi anlè tèt yon montay. Li te montre Jezi tout wayòm yo ak tout trezò yo nan mond lan. Dyab la te di Jezi ke li ta ka gen tout bagay sa yo si l te obeyi li. Jezi te di li t ap sèlman obeyi Papa nou ki nan Syèl la. Li te di dyab la pou l al fè wout li. Dyab la te ale. Zanj te vini pou beni Jezi. Jezi te pare pou kòmanse travay li a.
Matye 4:8–11 (gade referans 8a ak 9a).