Chapit 23
Mesye ki te paralize a
Imaj
Some men are carrying their friend who has palsy to see Jesus - ch.19-2
Kèk gason te vin ap pote yon zanmi yo kouche sou yon kabann pou wè Jezi. Zanmi an pa t ka mache. Mesye yo pa t ka fè l antre nan kay la akoz foul moun yo.
Imaj
The men lower their palsied friend through the roof to where Jesus is - ch.19-3
Mesye yo te monte zanmi yo a sou do kay la. Yo te retire yon pati nan twati kay la pou yo te file zanmi yo a desann nan kay la.
Imaj
Jesus heals the man with palsy - ch.19-4
Lè l te wè gwo lafwa mesye sa yo, Jezi te di mesye ki te malad la ke peche li te padone. Li te di l pou pran kabann ni epi retounen lakay li. Mesye a te leve kanpe. Li te geri. Li te ranmase kabann ni epi li te mache al lakay li. Li te fè lwanj pou Bondye.