Chapit 15
Fi bò pi a
Imaj
Jesus asks a Samaritan woman to give Him a drink from the well - ch.15-2
Li te fatige, epi li te chita sou rebò pi a. Yon Samaritèn te vin tire dlo. Jezi te mande l yon ti dlo pou l te bwè
Imaj
The Samaritan woman is surprised that Jesus spoke to her - ch.15-3
Fi a te etone, paske Jwuif yo pa t konn pale avèk Samariten yo.
Imaj
Jesus offers the woman "living water" - ch.15-4
Jezi te di fi a ke li te ka ba li yon kalite dlo ki t ap fè l pa janm swaf ankò. Li te eksplike ke li sete Sovè a. Dlo li te ka ba li a sete “dlo vivan” lavi etènèl la.
Imaj
The woman tells people in the city about Christ and they come to see Him - ch.15-5
Fi a te ale nan vil la pou l te pale anpil moun de Jezi. Yo te ale nan pi a pou yo menm tou yo te koute Jezi. Anpil nan yo te kwè pawòl li yo.