Chapit 45
Ofrann vèv la
Jezi te ale nan tanp lan nan Jerizalèm. Li t ap gade moun yo ki t ap bay lajan pou Legliz la. Anpil moun rich te bay anpil lajan.
Yon pòv vèv te bay de ti pyès lajan ki pa t menm fè mwatye senk kòb. Se pa t anpil lajan, men sete tout sa l te genyen.
Jezi te wè vèv la epi li te di disip yo sa fi a te fè a.
Li te di ke moun rich yo te bay yon gwo montan lajan pase li, men yo te gen plis pou yo te bay.
Vèv la pa t gen lajan ankò. Li te bay tout sa l te genyen. Li te bay plis pou Bondye pase tout moun rich yo.