Chapit 1
Elizabèt ak Zakari
Imaj
The angel Gabriel appearing to Zacharias in the temple. ch.1-2
Zakari sete yon prèt nan tanp lan. Yon jou yon zanj ki te rele Gabriyèl te parèt devan li. Gabriyèl te di ke Bondye te reponn priyè Zakari ak Elizabèt. Yo t ap gen yon bebe. Gabriyèl te di ke yo dwe rele ti bebe a Jan.
Imaj
The angel Gabriel talking to Zacharias in the temple. ch.1-3
Gabriyèl te di ke Jan t ap yon pwofèt fidèl Bondye. Li t ap anseye moun yo sou Jezikri.
Imaj
The angel Gabriel is speaking with Zacharias in the temple. ch.1-4
Zakari pa t kwè zanj la. Elizabèt te twò granmoun pou l te fè yon pitit. Gabriyèl te di paske li pa t kwè sa Bondye te pwomèt la, Zakari t ap vin bèbè jiskaske Jan te fèt.