Chapit 21
Jezi kòmande van yo ak lanm lanmè yo
Imaj
Jesus rebukes the wind and the waves and it is calm - ch.24-2
Sovè a te kòmande van an pou l sispann soufle ak lanm lanmè yo pou yo bese. Van an te sispann, epi lanmè a te vin kalme.
Imaj
Jesus asks the disciples where their faith is - They wonder that He is able to command the wind and the waves - ch.24-3
Jezi te mande disip yo poukisa yo te pè. Li te di ke yo ta dwe gen plis lafwa. Yo t ap mande tèt yo ki kalite moun li ye paske li te ka kòmande menm van an ak lanmè a.