Chapit 25
Yon fi manyen rad Jezi
Yon fi te malad anpil pandan 12 ane. Li te wè anpil doktè, men yo pa t kapab ede li.
Yon jou li te wè Jezi antoure pa yon foul moun. Li te kwè ke li t ap geri si l te ka manyen ke rad li sèlman. Li te fofile kò l nan foul la epi li te manyen rad li.
Li te geri imedyatman. Jezi te vire gade epi li te mande: “Kimoun ki touche rad mwen an?”
Fi a te pè. Li te mete ajenou devan Sovè a epi li te di sete li menm ki te manyen li. Jezi te di li ka lafwa l nan li te fè l geri.