Chapit 38
Farizyen an ak Pibliken an
De mesye te ale nan tanp lan pou priye. Youn sete yon Farizyen. Lòt la sete yon pibliken, yon pèseptè kontribisyon. Moun yo pa t renmen pèseptè kontribisyon. Yo te panse ke yo pa t moun onèt.
Farizyen an te kanpe devan lòt moun yo pou l priye. Li te di Bondye mèsi dèske li te pi bon pase tout lòt moun. Li te di ke li jene defwa pa semèn epi li peye dim ni. Pibliken an te kanpe poukont li, li te bese tèt li, epi li te priye: “Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche.”
Farizyen an te panse ke li te pafè e li pa t bezwen èd Bondye. Men pibliken an te konnen ki li pa t pafè epi li te bezwen èd Bondye. Li te gen imilite epi li te mande Bondye pou padone li.
Jezi te di moun yo ta dwe tankou pibliken an. Yo pa dwe panse ke yo pi bon pase tout lòt moun. Yo dwe repanti pou peche yo epi mande Bondye pou padone yo.