Chapit 62
Pòl obeyi Sentespri a
Imaj
Paul gives instruction to his friends before he leaves. - ch.62-2
Pòl te di zanmi l yo orevwa. Li te di yo ke l pap janm wè yo ankò. Li te di yo pou yo viv levanjil la epi respekte kòmandman Bondye yo. Pòl te avèti yo pou yo pa t koute moun ki ta pral eseye anseye yo bagay ki pa vrè yo.
Imaj
Paul's friends see him off in a boat. - ch.62-3
Pòl te di yo pou youn renmen lòt epi pou youn pran swen lòt. Li te mete ajenou epi li te priye avèk yo. Tout moun te kriye. Yo te ale avèk li nan bato a epi yo te gade Pòl pati al Jerizalèm.