Chapit 8
Wa mechan Ewòd
Wa Maj yo te di Ewòd ke Jezi t ap vin wa. Ewòd te vle rete sèl wa. Li te di sòlda yo pou yo te touye tout ti bebe nan Betleyèm yo ak nan zòn alantou yo.
Yon zanj te di Jozèf pou l te pran Mari ak Jezi mennen yo an Ejip, yon peyi byen lwen Betleyèm. Ewòd pa t apral chèche Jezi nan kote sa a.
Jozèf te obeyi. Li menm ak Mari ak Jezi te an Ejip lè sòlda Ewòd yo te touye tout ti bebe yo nan Betleyèm ak nan zòn alantou yo.
Lè Wa Ewòd te mouri, yon zanj te di Jozèf pou l te mennen Jezi ak Mari retounen lakay. Jozèf te mennen yo Nazarèt, kote Jezi te an sekirite.