Chapit 31
Jezi geri yon moun soud
Kèk moun te mennen yon mesye bay Jezi. Mesye a te soud epi li pa t ka pale byen. Moun yo te vle Sovè a geri li.
Jezi te fè mesye soti nan mitan lòt moun yo. Li te mete dwèt li nan zòrèy mesye a. Li te touche lang mesye a epi li te beni li.
Kounyeya mesye a te ka tande ak pale. Moun yo te ka konprann ni. Jezi te mande moun yo pou yo pa di okenn moun sa k te rive a, men yo te di tout moun.