Chapit 46
Dezyèm Vini an
Jezi te sou Mòn Olivye a. Disip li yo te vle poze Jezi kèk kesyon. Yo te mande kilè mechan yo ta pral detwi. Epi yo te anvi konnen kilè Jezi t ap retounen ankò.
Jezi te di yo ke anvan Dezyèm Vini li a, fo pwofèt ta pral deklare ke yo se Kris la. Anpil moun ta pral suiv yo. Men si disip li yo obeyi pawòl li yo, fo pwofèt yo pa t ap twonpe yo. Yo t ap sove.
Jezi te di ke anvan li retounen ankò, ap gen anpil lagè, grangou, maladi terib, ak tranblemandtè. Anpil moun apral sispann ede lòt epi yo ap vin mechan.
Levanjil la pral preche nan tout mond lan, men anpil moun pa p koute.
Solèy la ap vin pap klere ankò, lalin nan pap bay limyè ankò, epi zetwal yo va soti tonbe nan syèl la.
Lè Jezikri ap vini ankò, moun yo ap wè l k ap desann soti nan nyaj yo avèk pouvwa ak gwo laglwa. L ap voye zanj li yo pou rasanble moun jis yo.
Nou ka prepare pou Dezyèm Vini an nan fè sa ki byen. Lè nou wè siy Jezi te pwomèt yo, na va konnen ke vini Sovè a pwòch. Okenn moun pa konnen egzakteman kilè Jezi ap vini ankò. Si nou prepare, nou kapab demere avèk li.