Chapit 63
Pòl fini misyon li
Sòlda Women yo te arete Pòl Yo te kite l pale avèk pèp Jwif la. Pòl te temwaye bay moun yo ke li te wè yon limyè soti nan syèl la epi li te tande vwa Sovè a. Li te di ke Jezi te di l pou preche levanjil la.
Moun yo pa t kwè Pòl. Yo te vle touye li. Sòlda yo te mete Pòl nan prizon pou nuit la.
Sovè a te vizite Pòl nan prizon an epi li te di l pou l pa t pè. Li te di Pòl ta prale Wòm pou anseye levanjil la nan kote sa a.
Pou pwoteje Pòl, Women yo te voye l nan yon lòt vil. Wa Agripa te la. Pòl te di Wa Agripa ke li sete yon Farizyen anvan sa epi li te rayi moun ki te kwè nan Jezi yo. Li te menm mete yo nan prizon. Epi Pòl te wè yon limyè soti nan syèl la epi li te tande vwa Sovè a. Kounyeya li te kwè nan Jezi.
Pòl te temwaye bay Wa Agripa ke levanjil la te vrè. Li te di ke Jezi te resisite. Nan yon vizyon, Jezikri te di Pòl pou l te anseye levanjil li a. Paske Pòl te obeyi, anpil moun te rayi li.
Wa Agripa te di ke Pòl te fè l prèske fè l kwè nan Jezi. Wa a pa t panse ke yo te dwe touye Pòl. Men li te voye Pòl pati pou lavil Wòm, kote pou yo t al jije li.
Pòl te rete nan prizon nan lavi l Wòm nan pandan dezan. Anpil moun te vin wè li. Li te anseye yo levanjil la. Pòl te ekri lèt voye bay Sen yo nan lòt peyi yo. Kèk nan lèt sa yo, ki rele epit, nan Nouvo Testaman an.
Pòl te konnen yo t ap touye li. Li pa t pè. Li te obeyi kòmandman Bondye yo. Li te anseye levanjil la. Li te fini misyon li. Pòl te konnen ke Papa nou ki nan Syèl la renmen li. Li te konnen tou ke lè l mouri, li ta pral viv avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.