Chapit 3
Jan Batis fèt
Zanj Gabriyèl te di Mari ke Elizabèt ta pral gen yon ti bebe gason tou. Mari ak Elizabèt sete fanmi.
Mari t al vizite Elizabèt. Sentespri a te di Elizabèt ke Mari se t ap manman Jezikri. Mari ak Elizabèt te di Bondye mèsi paske l beni yo. Mari te rete avèk Elizabèt pandan apeprè twa mwa. Apresa Mari te retounen Nazarèt.
Pitit gason Elizabèt la te fèt. Zanmi li ak fanmi li te kontan. Yo te panse ke ti bebe a ta pral gen menm non avèk papa li, Zakari. Men Elizabèt te di ke non li se t ap Jan. Tout moun te etone.
Moun yo te mande Zakari kijan ti bebe a t ap rele. Zakari te toujou pa t ka pale, konsa li te ekri: “Non li se Jan.”
Apresa Zakari te vin kapab pale ankò. Li te ranpli avèk Sentespri a. Li te di moun yo ke Jezikri ta pral fèt talè epi li menm Jan ta pral prepare moun yo pou li.
Jan te grandi vin yon gran pwofèt. Li te anseye moun yo sou Jezikri.