Twazyèm parabòl la
Pitit gason ki te pèdi a
Yon mesye te gen de pitit gason. Mesye a te pwomèt yo ke y ap gen tout lajan li lè l mouri. Pi piti a te di li pa t vle tann. Li te mande papa l pati pa l la nan lajan an. Papa a te ba li l.
Tigason an te pran lajan an epi li te kite kay la. Li t al nan yon lòt peyi. Li te lage kò l nan banbòch. Li te gaspiye tout lajan an.
Finalman li te vin pa t gen lajan menm pou l te achte manje. Li te grangou anpil. Li te mande yon mesye pou ede li. Mesye a te voye l al gade kochon l yo.
Tigason an te sitèlman grangou ke l te anvi manje manje kochon yo. Li te konnen ke sèvitè kay papa l yo te gen pi bon manje pou yo manje pase li menm.
Li te deside pou l repanti epi mande pou l vin yon sèvitè nan kay papa l la. Lè l te retounen lakay, papa l te wè l ap vini.
Papa a te kouri al rankontre pitit gason l lan. Li te pase men nan kou li epi l te bo li.
Pitit gason an te di papa a ke l te peche. Li te santi li pa t diy pou papa l konsidere l kòm pitit ankò.
Papa a te di yon sèvitè pou pote pi bon rad yo pou mete sou pitit gason l lan. Sèvitè a te mete soulye nan pye tigason an ak yon bag nan dwèt li.
Papa a te di sèvitè a pou prepare yon festen. Li te vle pou tout moun selebre. Tigason ki te peche a te repanti epi li te retounen lakay.
Piti gason ki te pi gran an t ap travay nan jaden an. Lè l te retounen lakay, li te tande mizik ak danse. Yon sèvitè te di li ke ti frè l la te retounen lakay. Papa l te vle tout moun selebre.
Pi gran gason an te fache epi li pa t vle antre nan kay la. Papa l te sòti vin pale avèk li.
Papa a te rekonesan dèske pi gran pitit gason an te toujou rete avèk li. Tout sa papa a te genyen sete pou li. Papa a te di ke sete dwa l pou l te fete tou. Li te kontan dèske pi piti gason l lan te repanti epi l te retounen lakay.
Jezi te rakonte Farizyen yo twa parabòl yo paske li te vle yo konnen konbyen Papa nou ki nan Syèl la renmen chak moun. Li renmen moun ki obeyi li. Li renmen moun ki peche yo tou, men Papa nou ki nan Syèl la pa kapab beni yo si yo pa repanti. Li vle moun ki peche yo repanti epi vin jwenn ni. Epi li vle nou ede yo fè sa epi pou nou kontan lè yo retounen.