Chapit 27
Fè travay papa li sou tè a
Jou fèt Jwif la, Sovè a te ale nan nan basen dlo yo te rele Betzata a nan Jerizalèm. Moun yo te panse ke lè dlo nan basen an te brase, premye moun ki te desann nan dlo a t ap geri.
Jezi te wè yon mesye bò basen an ki pa t kapab mache depi 38 ane. Sete jou Saba. Jezi te mande mesye a si l te vle geri. Mesye a te di li pa t ap kapab geri paske li pa t janm ka desann nan dlo a anpremye.
Jezi te di mesye a: “Leve, pran kabann ou, epi mache w ale.” Mesye a te geri imedyatman.
Anpil Juif te panse ke sete yon peche pou fè mirak jou Saba a. Yo te vle touye Jezi.
Jezi te reponn ke li te fè sèlman sa Papa l ta fè nan jou Saba a.