Chapit 29
Jezi mache sou dlo a
Apre l te fin bay 5.000 moun yo manje, Jezi te monte sou yon ti mòn pou l priye. Disip li yo te monte sou yon kannòt pou travèse Lanmè Galile a. Lè lannuit te rive, van te kòmanse soufle, epi vag lanmè yo te vin wo.
Byen ta nan nuit la, Jezi te vin jwenn disip li yo. Li t ap mache sou dlo a pou l te vin nan kannòt la.
Disip yo te wè li ap mache sou dlo a. Yo te pè. Yo te panse li sete yon espri. Jezi te di yo: “Se mwen menm, nou pa bezwen pè.”
Pyè te anvi mache sou dlo a tou. Jezi te di Pyè pou vin jwenn ni. Pyè te desann kannòt la. Li te kòmanse mache sou dlo a pou al jwenn Sovè a.
Paske van an t ap vante byen fò, Pyè te vin pè. Li te kòmanse koule nan dlo a epi li te pran rele pou Jezi vin sove li.
Sovè a te pran men Pyè. Li te mande Pyè poukisa li pa t gen plis lafwa.
Lè Jezi ak Pyè te retounen nan kannòt la, van an te rete. Tout disip yo te adore Senyè a. Yo te konnen ke li sete Pitit Bondye vre.