Chapit 16
Pitit gason fonksyonè a
Imaj
The nobleman travels to the city of Cana to find Jesus - ch.16-2
Mesye a te kite pitit gason l la lakay epi li te vwayaje sou plizyè kilomèt al nan vil Kana a. Li te jwenn Jezi.
Imaj
The nobleman asks Jesus to come heal his son - ch.16-3
Mesye a te mande Sovè apou l te vini pou l geri pitit gason l la. Jezi te di li ke pitit gason l la t ap geri. Mesye a te kwè Jezi, epi li te derape retounen lakay li.
Imaj
The nobleman returns home to find his son recovering - ch.16-4
Sèvitè l yo te vin rankontre li. Yo te di l ke pitit gason l lan te kòmanse refè epi li t ap viv. Li te mande yo kilè pitit gason an te kòmanse refè. Yo te di li. Sete nan menm moman Jezi te di li pitit gason l lan t ap geri a.
Imaj
The nobleman sees his son recovering and he and his household have even more faith in Christ - ch.16-5
Mesye a te konnen ke Jezikri te geri pitit li a. Li menm ak fanmi li te kwè nan Sovè a.