Chapit 22
Mesye ki te gen movèzespri yo
Mesye a te pase tout lajounen ak tout lannuit nan mòn yo ak tonm yo. Li te konn bay gwo rèl tout tan epi blese tèt li avèk wòch.
Yon jou Jezi ak disip li yo te travèse Lanmè Galile a sou yon kannòt. Lè Sovè a te desann kannòt la, mesye a te kouri vin jwenn ni.
Jezi te di movèzespri a pou l te sòti nan mesye a. Movèzespri a te konnen Jezi sete Pitit Bondye. Li te mande Jezi pou l pa t fè l soufri.
Lè Sovè a te mande movèzespri a kijan l te rele, li te di: “Yo rele m Rejiman” ki vle di anpil. Anpil movèzespri te nan mesye a. Yo te mande Jezi pou l te kite yo antre nan kò kèk kochon ki te tou pre.
Jezi te dakò. Movèzespri yo te soti kite mesye a epi yo t al nan kò prèske 2.000 kochon. Kochon yo te pran degrengole desann al nwaye tèt yo nan lanmè.
Mesye ki t ap gade kochon yo te kouri al gaye nouvèl la nan lavil kou andeyò. Moun te vini soti toupatou pou wè Jezi ak mesye ki te gen movèzespri a. Men mesye a pa t gen movèzespri sou li ankò.
Sa te fè moun yo pè Jezi. Yo te mande l pou l te kite peyi a. Li te retounen sou bato a.
Mesye ki te geri a te vle ale avèk li. Sovè a te di li pou l te retounen lakay li pito pou l t al di zanmi l yo sa k te rive li.
Mesye a te di zanmi l yo, epi yo te sezi wè gwo pouvwa Jezi.