2023
Preparasyon pou Ale nan Tanp
Desanm 2023


“Preparasyon pou Ale nan Tanp,” Lyawona, Des. 2023.

Mesaj Mansyèl Liahona, Desanm 2023

Preparasyon pou Ale nan Tanp

Imaj
moun k ap mache ale nan Tanp Ogden lan nan Utah

Foto Tanp Ogden lan nan Utah pa Mak Brunson

Nan tanp Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou ka resevwa alyans ak òdonans sakre pou tèt pa nou ak pou zansèt nou yo. Nou ale nan tanp pou nou montre lanmou ak gratitid nou genyen pou Papa ki nan Syèl la ak pou Jezikri. Nou kapab prepare nou pou nou ale nan tanp nan aprann ak viv levanjil Jezikri a. Pou plis enfòmasyon sou tanp, gade atik “Travay Tanp” la nan Levanjil Fondamantal la nan revi Lyawona mwa Oktòb 2021 an.

Imaj
pawòl ki ekri sou deyò tanp Durban nan Afrik Disid la

Foto Tanp Durban nan Afrik Disid pa Mattew Reier

Kay Senyè a

Yo rele tanp yo “kay Senyè a.” Yo se kote ki sakre, kote nou ka santi Lespri Bondye ak lanmou Li gen pou nou. Epitou, yo se kote nou ka fè alyans ak resevwa òdonans espesyal ki ap prepare nou pou nou gen lavi etènèl. (Alyans yo se pwomès sakre ant Bondye ak pitit Li yo.) Lè nou fidèl ak alyans nou yo epi nou resevwa òdonans sa yo, sa ede nou gen yon relasyon espesyal avèk Papa nou ki nan Syèl la epi avèk Jezikri.

Imaj
yon jèn ki kanpe deyò Tanp Guayaquil la nan Ekwatè

Foto Tanp Guayaqui la nan Ekwatè pa Janae Bingham

Ki moun ki Ka Ale nan Tanp?

Manm Legliz yo kapab fè batèm pou mò yo apati ane y ap gen laj 12 lane a. Yon manm ka resevwa dotasyon si li gen omwen 18 lane, si li te yon manm Legliz la pandan omwen yon lane, epi si li vle fè ak respekte alyans tanp yo (gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 27.2.2, ChurchofJesusChrist.org). Yon gason ak yon fi ki te deja resevwa dotasyon pa yo nan tanp la kapab sele (marye) pou letènite nan tanp.

Alyans ak Òdonans

W ap fè alyans e w ap resevwa òdonans nan tanp lan. “Lè nou antre nan yon relasyon alyans avèk Bondye, nou makonnen avèk Li nan yon fason ki lakoz tout bagay ki konsène lavi a pi fasil” (Russell M. Nelson, “Venk Mond lan epi Jwenn Repo,” Lyawona, Nov. 2022, 97). Yon òdonans se yon zak fizik ki sakre ki akonpli pa otorite prètriz la. Òdonans yo gen siyifikasyon espirityèl ki pwofon. Pa egzanp, lè w patisipe nan yon òdonans, ou montre Bondye ke ou gen volonte pou resevwa ak respekte alyans Li yo.

Preparasyon Pèsonèl

Prepare w espirityèlman nan suiv ansèyman Jezikri yo ak respekte alyans ou fè avèk Bondye yo nan batèm nan. Epitou, ou kapab etidye resous Legliz la, tankou ekriti yo ak diskou konferans jeneral yo. Temples.ChurchofJesusChrist.org bay enfòmasyon sou sa pou w atann lè w ale nan tanp lan. Li gen ladan tou anpil detay konsènan alyans, òdonans ak senbòl tanp yo.

Imaj
eksteryè Tanp Nauvoo nan Ilinwa a

Foto Tanp Nauvoo nan Ilinwa a pa Eve Tuft

Senbolis

Senyè a souvan anseye nou pou nou itilize senbòl. Pa egzanp, batèm—ale anba dlo epi remonte ankò—se tankou ansyen oumenm nan mouri epi yon nouvo oumenm pran nesans (gade Women 6:3–6). Òdonans tanp yo fè referans ak Jezikri e ak Ekspyasyon Li a. Sa gen dwa difisil pou konprann tout senbolis la premye fwa ou ale nan tanp lan, men ou ka kontinye aprann ofiramezi w ap retounen nan tanp lan pandan lavi w.

Rekòmandasyon Tanp

Pou antre nan tanp lan, ou dwe prepare e epi ou dwe diy. Ou ka resevwa yon rekòmandasyon pou antre nan tanp lan apre yon entèvyou avèk evèk ou oswa prezidan branch ou a epi avèk prezidan pieu oswa misyon an. Dirijan sa yo pral poze w yon seri kesyon pou yo asire yo ke w ap viv levanjil Jezikri a. Dirijan w yo ka pale avèk ou sou kesyon sa yo davans.

Retounen nan Tanp lan pou Zansèt Ou yo

Papa nou ki nan Syèl la vle pou tout pitit Li fè alyans avèk Li epi pou yo resevwa òdonans sakre yo. Òdonans sa yo, tankou batèm ak dotasyon an, dwe fèt nan tanp pou moun ki mouri san yo pa resevwa levanjil la. Ou kapab retounen nan tanp lan pou fè òdonans pou manm fanmi w ki mouri.

Enprime