“Bèje yo Vizite Ti Jezi,” Zanmi, Des. 2023, 46–47.
Mesaj Mansyèl Zanmi, Desanm 2023
Bèje yo Vizite Ti Jezi
Yon aswè, yon zanj te vizite bèje yo nan yon chan. Zanj lan te di yo ke gen yon tibebe enpòtan ki te fèt. Non li se te Jezikri. Se li ki t ap Sovè pou tout moun nan mond lan. Gen plis zanj ki te vini. Yo t ap chante, “Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.”
Bèje yo te kouri al vizite ti Jezi. Yo te tèlman kontan wè Li!
Bèje yo te pale lòt moun de Jezikri. Yo te vle pou tout moun tande bon nouvèl la.
Paj pou Kolorye
Mwen Kapab Chante sou Jezikri
Ilistrasyon Apryl Stott
Mwen ka chante sou Jezi pou mwen selebre nesans Li.
© 2023 by Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Friend Message, December 2023. Language. 19049 036