Ansyen Testaman 2022
8 Me. Kijan M ap fè Konnen Bondye Padone Mwen? Egzòd 35–40; Levitik 1; 16; 19


“8 Me. Kijan M ap fè Konnen Bondye Padone Mwen? 3 Nefi 27–4 Nefi,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“8 Me. Kijan M ap fè Konnen Bondye Padone M?“ Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
jènfi ka p ri

8 Me.

Kijan M ap fè Konnen Bondye Padone M?

Egzòd 35–40; Levitik 1; 1619

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi a oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa dirije yon diskisyon sou travay sali ak gkzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye pou n aji sou sa k te diskite yo.

  • Aplike levanjil la. Nan ki fason sa Senyè a ka ede nou avèk pwoblèm ak eprèv nou yo?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès nou konnen ki bezwen priyè nou ak amitye nou?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Ki plan pou pataje levanjil la ki te diskte nan reyinyon konsèy jèn pawas yo. Nan ki fason manm klas oubyen kowòm ou yo ka patisipe?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Nan ki fason lè nou fè travay istwa familyal sa ap fòtifye relasyon nou avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Pafwa moun konn mande tèt yo si yo “fè ase” pou yo jwenn padon pou peche yo. Malgre sa pran anpil efò pou repanti, alafen nou pa jwenn padon paske nou fin fè yon lis bagay. Nou jwenn padon lè nou akspepte mizèrikòd Jezikri ofri a. Se nan fason sa a nati nou ka chanje.

Nan tan lontan, rityèl ak sakrifis lwa Moyiz yo te pwente Izrayelit yo sou Ekspyasyon Sovè a. Jan Senyè a te eksplike nan Levitik 16:30, “Jou sa a ya fè sèvis pou wete yo anba tout peche yo, pou yo ka parèt nan bon kondisyon devan Senyè a.” Evidaman, yon rityèl sèlman pa ka bannou padon pou peche. Padon soti nan Jezikri. Nan epòk pa nou an, òdonans tankou batèm ak sentsèn pwente lespri nou ak kè nou sou Sovè a. Yo ede nou konprann ke L ap toujou padone nou lè nou repanti.

Nan ki fason Papa nou ki nan Syèl la te ede w konnen ou te resevwa padon? Ou ta ka etidye Mozya 4:1-3 ak mesaj Prezidan Tad R Callister a “Ekspyasyon Jezikri a” (Liahona, Me 2019, 85–87). Mesaj sa a ka ede moun w ap ansenye yo konprann ke Papa nou ki nan Syèl la padone nou lè nou repanti.

Imaj
yon jènfi k ap priye

Nou jwenn padon lè nou akspepte mizèrikòd Jezikri ofri a.

Aprann Ansanm

Ou ta ka kòmanse afiche foto Sovè a nan Jetsemane ak sou kwa a (gade Liv Ilistrasyon levanjil la, nos. 56–57). Envite jèn yo chèche nan Levitik 1:1-9; 16:15–16, 30. Mande yo pou yo pataje fraz ki fè yo sonje Ekspyasyon Sovè a. Nan ki fason sakrifis yo dekri nan vèsè sa yo te ede Izrayelit yo tann Ekspyasyon Sovè a? Kisa ki ede nou sonje Ekspyasyon Sovè a? Kisa ki ede nou santi lanmou ak padon Sovè a? Aktivite sa yo ka ede jèn yo pi byen konprann ke Bondye ap padone nou.

  • Gen anpil moun nan ekriti yo ki te dekri santiman yo te genyen lè Papa nou ki nan Syèl la te padone yo. Manm klas oubyen kowòm ou yo ta ka li kèk egzanp (gade “Resous pou Sipò”). Envite yo pou yo fè yon lis fraz nan vèsè sa yo ki dekri jan nou santi nou lè nou jwenn padon. Ou ta ka mande yo pou yo eksprime jan yo santi yo lè yo jwenn padon. Kisa w aprann konsènan Bondye nan santiman sa yo? Petèt ou ta ka pataje pwòp santiman pa w konsènan padon.

  • Pafwa moun yo konn pa sèten ke yo resevwa padon paske yo pa sèten ke yo repanti tout bon. Mesaj Èldè Dale G. Renlund nan “Repantans: Yon Chwa Jwaye” eksplike kijan pou nou repanti toutbon epiresevwa padon Bondye (Liahona, Nov. 2016, 121–24). Ou ta ka ekri tit sa yo sou tablo a Repantans Tout Bon ak Bagay ki ka Anpeche Repantans. Mande moun w ap ansenye yo pou yo chèche ansèyman nan mesaj la ki ta sipoze anba tit sa yo. Kisa nou aprann sou Sovè a ak padon L nan dènye twa paragraf mesaj sa a?

  • Gen kèk moun ki gendwa te repanti men ki pa santi yo jwenn padon. Se petèt paske yo pa ka padone tèt yo. Konsèy nan mesaj Prezidan Tad R Callister a “Ekspyasyon Jezikri a” a ta ka ede yo. Manm klas oubyen kowòm ou yo ta ka li seksyon ki kòmanse avèk “2. Peche.” Mande yo pou yo chèche konsèy yo ta ka pataje avèk yon zanmi oubyen yon manm fanmi ki toujou santi l koupab menm apre l fin repanti. Bay jèn yo tan pou yo pataje sa yo santi apwopo Sovè a, ki rabb posib pou nou repanti e pou nou jwenn padon an.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia? Si yo vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo reflechi sou fason aji sou enpresyon yo ap fòtifye relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Sovè a ansenye nou pou nou itilize ekriti yo pou nou ka jwenn repons pou pwòp kesyon nou yo. Kijan w ka ede moun w ap ansenye yo gen dezi pou yo ale nan ekriti yo ak pawòl pwofèt yo lè y ap chèche repons?

Enprime