Doktrin ak Alyans 2021
4–10 Janvye. Joseph Smith—Istwa 1:1-26: “M Te Wè Yon Kolòn Limyè”


“4-10 Janvye. Istwa—Joseph Smith 1:1–26: ‘M Te Wè Yon Kolòn Limyè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“4-10 Janvye. Istwa—Joseph Smith 1:1–26,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Boskè Sakre a

Boskè Sakre, Pa Greg K. Olsen

4–10 Janvye

Joseph Smith—Istwa 1:1–26

“M Te Wè Yon Kolòn Limyè”

Pandan w ap li Istwa—Joseph Smith 1:1–26 la, ki mesaj ou jwenn pou lavi w? Kisa ki gen plis valè pou oumenm ak fanmi w?

Ekri enpresyon ou

Doktrin ak Alyans yo se yon liv repons pou priyè: anpil nan revelasyon sakre yo ki nan liv sa a te vini kòm respons pou kesyon. Konsa, li apwopriye pou w ta kòmanse etidye Doktrin ak Alyans yo nan konsidere kesyon ki te kòmanse devèsman pakèt revelasyon nan dènye jou yo—kesyon Joseph Smith te poze nan yon boskè a nan ane 1820 an. Yon “lagè pawòl ak batay opinyon” (Istwa—Joseph Smith 1:10) te kite Joseph nan konfizyon konsènan relijyon ak sitiyasyon nanm ni; petèt ou ka te fè yon eksperyans konsa. Gen anpil ide ak vwa konfli k ap pèsyade moun nan epòk nou an, e lè nou vle separe mesaj sa yo pou nou jwenn laverite, nou ka fè sa Joseph te fè a. Nou ka poze kesyon, etidye ekriti yo, medite, epi finalman mande Bondye. Kòm repons pou priyè Joseph la, yon kolòn limyè te desann soti nan syèl la; Bondye, Papa a ak Jezikri te parèt epi yo te reponn kesyon l yo. Temwayaj Joseph konsènan eksperyans mirakile sa a deklare ke tout moun “ki [manke] bon konprann ta dwe mande Bondye, epi l ap resevwa” (Istwa—Joseph Smith 1:26). Si nou pa resevwa yon vizyon selès, nou tout kapab omwen resevwa yon vizyon klè, ke limyè syèl la ka limen.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Istwa—Joseph Smith 1:1–26

Joseph Smith se Pwofèt Retablisman an.

Bi istwa Joseph Smith la sete pou l fè nou “gen tout fè yo” paske yo souvan defòme verite konsènan Joseph yo (Istwa—Joseph Smith 1:1). Pandan w ap li Istwa—Joseph Smith 1:1–26 la, kisa ki ranfòse temwayaj ou konsènan apèl diven l lan? Note prèv ou jwenn ki montre ke Senyè a te prepare Joseph Smith pou misyon profetik li a. Pandan w ap li a, ou ta gen dwa ekri panse w ak santiman w sou Joseph Smith ak temwayaj li a.

Gade Les Saints, 1:3–19 tou.

Istwa—Joseph Smith 1:5–20

Si w mande ak lafwa, Bondye ap reponn.

Èske w janm “manke sajès” oubyen santi w nan konfizyon pou yon desizyon w te bezwen pran? (Istwa—Joseph Smith 1:13). Kisa w aprann nan eksperyans Joseph Smith la nan vèsè 5–20 yo? Panse a pwòp bezwen sajès ak pi gwo konpreyansyon pa w, epi reflechi sou kijan w pral chèche laverite.

Gade 1 Nefi 10:17–19; 15:6–11; Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou,” tou nan Ensign oswa Lyawona, Me 2018, 93–96.

Imaj
yon jènfi k ap priye

Nou ka poze Bondye kesyon nou yo atravè lapriyè.

Istwa—Joseph Smith 1:15–20

Poukisa gen plizyè kalite resi sou Premye Vizyon an?

Pandan lavi l, Joseph Smith te ekri eksperyans li te fè nan Boskè Sakre a omwen kat fwa, souvan li te itilize yon sekretè. Epitou, gen plizyè resi segondè ki te ekri pa moun ki te tande Joseph ap pale de vizyon l lan. Malgre resi sa yo gen kèk detay ki diferan, selon moun ki t ap tande yo a ak sikonstans yo, yo di menm bagay la ofon. Epi chak resi ajoute detay ki ede nou pi byen konprann eksperyans Joseph Smith la, menmjan kat Levanjil yo ede nou pi byen konprann ministè Sovè a.

Pou nou li lòt resi Joseph yo, gade “Istwa Premye Vizyon” (Sijè Levanjil yo, topics.ChurchofJesusChrist.org). Kisa w aprann nan lekti tout resi sa yo?

Istwa—Joseph Smith 1:15–20

Premye Vizyon an te kòmanse Retablisman levanjil Jezikri a.

Joseph Smith te kwè fèm ke Bondye t ap reponn priyè l la, men li pa t ka prevwa kijan repons sa a ta pral chanje lavi li—ak mond lan. Pandan w ap li sou eksperyans Joseph la, reflechi sou fason Premye Vizyon an chanje lavi w. Pa egzanp, ou ta gen dwa konplete fraz sa a nan plizyè fason diferan:; “Akozde Premye Vizyon an, mwen konnen ke …” Ki benediksyon ou te resevwa akozde Premye Vizyon an?

Gade tou “Mande Bondye: Premye Vizyon Joseph Smith la,” videyo, ChurchofJesusChrist.org; Les Saints, 1:14–19; Russell M. Nelson, “Koute Li,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2020, 88–92.

Istwa—Joseph Smith 1:21–26

Mwen ka rete fidèl a sa m konnen, menmsi lòt moun rejte mwen.

Youn nan benediksyon ekriti yo sèke yon gen egzanp enspiran sou gason ak fi vanyan ki te afwonte pwoblèm yo ak lafwa nan Jezikri. Lè Joseph Smith te fè fas ak opozisyon poutèt vizyon l lan, li te idantifye l avèk Apot Pòl, ke yo te pèsekite tou paske l te di l te fè yon vizyon. Pandan w ap li resi Joseph la, kisa k enspire w pou rete fidèl a temwayaj ou? Ki lòt egzanp—nan ekriti yo oubyen moun ou konnen—ki ba w kouraj pou w rete fidèl a eksperyans espirityèl ou te fè yo?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Istwa— Joseph Smith 1:6.Kijan nou ka jere dezakò san nou pa tonbe nan kerèl tankou moun yo dekri yo nan vèsè sa a?

Istwa—Joseph Smith 1:11–13.Lekti vèsè sa yo gen dwa enspire manm fanmi yo pou yo pataje eksperyans kote yon pasaj ekriti te touche kè yo ak enspire yo pou yo te aji.

Istwa—Joseph Smith 1:16–20.Pandan fanmi w ap li vèsè sa yo, anvizaje montre yo tablo ki akonpaye plan leson sa a oubyen yon lòt foto Premye Vizyon an (petèt fanmi w ta ka renmen desine pwòp deskripsyon pa yo). Ou ta gen dwa pase videyo “Mande Bondye: Premye Vizyon Joseph Smith la” tou (ChurchofJesusChrist.org). Nou chak kapab fè yon lis sou verite nou aprann nan vizyon sa a, epi apresa pataje lis nou an youn ak lòt. Se t ap yon bon moman pou manm fanmi yo pataje kijan yo te jwenn temwayaj yo sou Premye Vizyon Joseph Smith la.

Istwa—Joseph Smith 1:17.Lè Bondye te parèt devan Joseph Smith, li te rele l pa non li. Kilè manm fanmi w te santi ke Pè Selès la konnen yo pèsonèlman?

Istwa—Joseph Smith 1:21–26.Kijan nou ka reponn lè moun poze nou kesyon sou temwayaj nou?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “La première prière de Joseph Smith,” Cantiques, no. 14.

Imaj
senbòl vwa retablisman yo

Vwa Retablisman yo

Fanmi Joseph Smith

Nou chak afekte pwofondeman pa lavi familyal nou, e Joseph Smith pa t diferan. Konviksyon relijye ak pratik paran li te plante semans lafwa ki te rann Retablisman an posib la. Jounal Joseph la gen omaj sa a ekri ladan l: “Mo ak langaj [pa] ase pou m ta eksprime rekonesans mwen genyen pou Bondye paske l te ban m paran ki si onorab konsa.”1

Sitasyon sa yo ke manman l, Lucy Mack Smith; frè li, William Smith; ak Pwofèt la limenm te fè ba nou yon apèsi sou enfliyans relijye ki te egziste nan fanmi Smith.

Imaj
Fanmi Smith

Fanmi Joseph Smith, pa Dan Baxter

Lucy Mack Smith

Imaj
Lucy Mack Smith

“[Nan epòk 1802 apeprè], m te tonbe malad. … M te di tèt mwen: M poko pare pou m mouri paske m pa konn chemen Kris la, epi se kòmsi te gen yon vid sonb ak solitè ant mwenmenm ak Kris la ke m pa oze eseye travèse. …

“M te vire gade Senyè a epi m te sipliye l pou l te epanye lavi m pou m te ka elve pitit mwen yo ak konsole kè mari m; m te rete kouche konsa tout nuit la. … M te fè alyans avèk Bondye [ke] si l te kite m viv mwen tap fè efò pou m antre nan relijyon ki tap pèmèt mwen sèvi l kòrèkteman an, keseswa l te nan Bib la oubyen nan kèlkeswa kote m t ap ka jwenn ni an, menmsi se ta nan syèl la pou l ta sòti vin jwenn mwen atravè lapriyè ak lafwa. Finalman, yon vwa te pale avèk mwen epi l te di: ‘Chèche, epi w ap jwenn; frape, epi y ap louvri pou ou. Se pou kè w rekonfòte. Ou kwè nan Bondye; kwè nan mwen tou.’ …

“Apati moman sa a, m te reprann fòs san rete. M pa t konn pale anpil osijè relijyon malgre sa te toujou nan lespri m san rete, epi, m te panse ke m t apral fè tout dilijans mwen, osito m te kapab, pou m te chèche yon moun relijye ki te konn chemen Bondye pou anseye m sou bagay ki gen rapò avèk syèl la.”2

William Smith

Imaj
William Smith

“Manman m, ki sete yon fi trè relijye epi ki te enterese anpil nan byennèt pitit li, isit la ak nan lòtbò vwal la, te itilize tout mwayen lanmou l kòm paran te sigjere li, pou l te fè nou angaje nou nan chèche sali nanm nou, oubyen, (jan yo te konn di lè sa a) ‘nan chèche gen yon relijyon.’ Li te ankouraje nou pou nou t al nan reyinyon yo, epi, prèske tout fanmi an te vin enterese nan sijè a, epi nou te vin kòmanse ap chèche laverite.”3

“Osi lwen ke m ka sonje, nou te toujou fè priyè familyal. Mwen sonje papa m te konn gen linèt li nan pòch chemiz li, … epi, lè noumenm, tigason yo, nou te wè l ap chèche nan pòch chemiz li, nou te konnen ke sete sinyal pou nou te prepare nou pou lapriyè, epi, si nou pa t remake sa, manman m te konn di: ‘William,’ oubyen kèlkeswa sa nan nou ki pa t wè sa a, ‘prepare w pou lapriyè.’ Apre nou te fin priye, nou te konn chante yon kantik.”4

Imaj
linèt sou ekriti

Joseph, papa a, ak Lucy Smith te anseye fanmi yo pou yo etidye ekriti yo.

Joseph Smith

Imaj
Joseph Smith

“Kounyeya m ap di ke [papa m] pa t janm te fè yon bagay ki ta ka fè moun di ke l te aji avèk mechanste ni san jenewozite nan lavi l, selon sa m sonje. M te renmen papa m ak souvni li; e souvni bèl aksyon li te konn fè yo rete grave nan lespri m; epi, anpil nan pawòl janti ak ranpli afeksyon li te konn di m yo ekri sou tablèt kè mwen. Yon bagay ki sakre pou mwen se panse sou istwa lavi l yo, ki toujou travèse lespri m e ki te enplante nan lespri m pa pwòp obsèvasyon pa m depi lè m te fèt. … Manman m se youn nan fi ki pi nòb e pi bon pami tout fi.”5

Imaj
Premye Vizyon an

Premye Vizyon Retablisman an, pa Michael Bedard

Enprime