Doktrin ak Alyans 2021
4–10 Janvye. Joseph Smith—Istwa 1:1-26: “M Te Wè Yon Kolòn Limyè”


“4–10 Janvye. Joseph Smith—Istwa 1:1-26: “M Te Wè Yon Kolòn Limyè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“4–10 Janvye. Joseph Smith—Istwa 1:1-26,“ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Boskè Sakre a

Boskè Sakre, Pa Greg K. Olsen

4–10 Janvye

Joseph Smith—Istwa 1:1–26

“M Te Wè Yon Kolòn Limyè”

Pandan w ap li ekriti yo, panse a timoun w ap anseye yo. Sentespri a ka enspire w, atravè enpresyon ou resevwa yo, pou ou konnen sou kisa pou w konsantre nan klas la.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite kèk timoun pou yo pataje sa yo konnen konsènan Joseph Smith ak priyè l nan Boskè Sakre a (sa ka ede pou ou montre yon foto Premye Vizyon an). Mande yo kijan yo santi yo lè yo tande ke Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri te vizite Joseph Smith. Si Joseph Smith te dwe vin vizite klas la, kisa nou t ap mande l konsènan eksperyans li a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi piti yo

Joseph Smith—Istwa 1:3–20

Joseph Smith te prepare pou l te yon pwofèt Bondye

Aprann sou jenès Joseph Smith ka ede timoun yo konprann ni epi prepare yo pou yo aprann apati eksperyans li yo. Petèt ou ta ede yo wè kijan eksperyans Joseph Smith lè l te piti yo te prepare l pou l te vin yon pwofèt Bondye.

Aktivite posib

  • Mande yon timoun pou l kenbe yon foto Joseph Smith (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 87) pandan w ap pataje kèk bagay sou Joseph Smith ke w ap jwenn nan Joseph Smith—Istwa 1:3-14 (gade “Chapit 1: Joseph Smith ak Fanmi ltou,” Istwa Doktrin ak Alyans, 6-8, oubyen videyo ki koresponn nan nan ChurchofJesusChrist.org). Ede yo konpare detay osijè fanmi l avèk li avèk detay konsènan fanmi timoun yo. Pataje temwayaj ou ke Bondye te chwazi Joseph Smith epi l te prepare pou l te vin yon pwofèt (gade “Vwa Retablisman Yo: Fanmi Joseph Smith,” nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Si nesesè, anseye timoun yo ke yon pwofèt se yon moun ki pale pou Bondye.

  • Envite yon jènjan nan pawas la pou vizite klas ou a, pou l pretann ke l se Joseph Smith. Prepare kèk kesyon pou timoun yo mande l, ki gen repons yo nan Joseph Smith—Istwa 1:3-20 (Petèt ou ta ka pataje kesyon sa yo avèk jènjan an alavans). Apresa envite jènjan an pou l li kèk nan pwòp pawòl Joseph Smith yo konsènan Premye Vizyon an ( Paregzanp, Joseph Smith—Istwa 1:25).

Istwa—Joseph Smith 1:10–17

Pè Selès la tande priyè mwen epi l reponn yo.

Eksperyans Joseph Smith la ka enspire timoun yo pou yo priye avèk lafwa ke Bondye ap tande yo.

Aktivite posib

  • Pale timoun yo konsènan kesyon Joseph Smith te genyen yo (gade Joseph Smith—Istwa 1:10). Kisa nou ka fè lè nou gen kesyon sou Bondye? Montre timoun yo yon kopi Bib la, epi eksplike ke lè Joseph te li Bib la, li te aprann ke l te kapab “mande Bondye“ (Jak 1:5; gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no.-89 tou). Rann temwayaj ou ke nou ka poze Bondye kesyon atravè lapriyè.

  • Pataje yon eksperyans kote w te gen konfizyon, ou te mande Bondye èd, epi ou te resevwa yon repons. Ede timoun yo reflechi ak lè yo te jwenn repons pou priyè yo. Ou ka pataje yon istwa nan youn revi Legliz la konsènan yon timoun ki te jwenn repons pou priyè l.

Joseph Smith—Istwa 1:17–19

Joseph Smith te wè Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason l lan, Jezikri.

Ou kapab ede timoun yo poze fondasyon yon temwayaj solid sou Premye Vizyon Joseph Smith lan. Pataje fason w te jwenn temwayaj konsènan evenman enpòtan sa a avèk yo.

Aktivite posib

  • Montre foto Premye Vizyon an nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi pataje nan pwòp pawòl ou sa k te pase lè Joseph Smith te priye. Envite timoun yo pou yo fè desen sa k te pase nan istwa a.

  • Envite yo pou yo kolorye paj aktivite semèn sa a epi itilize l pou yo rakonte istwa Premye Vizyon an (gade tou “Chapit 2: Premye Vizyon Joseph Smith la,” Istwa Doktrin ak Alyans, 9-12, oubyen videyo ki koresponn nan sou ChurchofJesusChrist.org).

  • Li Joseph Smith—Istwa 1:17, epi souliye mo ke Papa nou ki nan Syèl La te di Joseph Smith yo pou timoun yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Istwa—Joseph Smith 1:10–13

Bondye ka reponn kesyon m yo atravè ekriti yo.

Yon pasaj ke l te li nan Bib la te enspire Joseph Smith, e sa te mennen Premye Vizyon an ak Retablisman Legliz Kris la. Ede timoun yo wè kijan etid ekriti yo ka ede yo jwenn repons pou kesyon espirityèl yo.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo plizyè liv (tankou yon ansiklopedi oubyen yon liv resèt), epi ede yo panse ak kesyon ke liv sa yo ka reponn. Apresa montre yo yon kopi ekriti yo. Ki kesyon liv sa yo ka reponn. Ou gen dwa bay yon ekzanp sou yon kesyon ke ekriti yo reponn. Li ansanm nan Joseph Smith—Istwa 1:10-11 pou w ka jwenn ki kesyon Joseph Smith te genyen ak ki repons li te jwenn nan ekriti yo.

  • Ede timoun yo jwenn mo nan vèsè 12 la ki dekri kijan lekti Jak 1:5 la te afekte Joseph Smith. Pataje yon eksperyans ou te fè avèk ekriti yo—pa ekzanp, sou moman kote w te jwenn yon repons pou youn nan kesyon w yo padan w t ap li ekriti yo. Chante ansanm “Quand je lis l’Ecriture sainte” (Chants pour les enfants, 109).

Istwa —Joseph Smith 1:10–19

Pè Selès la tande priyè mwen epi l reponn yo.

Bondye te konn Joseph Smith, epi lè Joseph te priye, Bondye te tande l. Pandan ke eksperyans timoun w ap anseye yo ka diferan de eksperyans Joseph yo, ou ka ede yo santi ke Bondye konnen yo epi l tande yo lè yo priye.

Aktivite posib

  • Envite yon paran youn nan timoun yo pou l kanpe deyò klas la epi reponn kesyon timoun yo ap poze pandan l ap itilize metòd tankou mesaj tèks, apèl telefòn, yon nòt ekri, oubyen yon mesaj chat. Nan ki fason Papa nou ki nan Syèl la kominike avèk nou? (gade “Revelasyon,” Gid Ekriti yo, scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Selon Joseph Smith—Istwa 1:16-19 la, kijan Papa nou ki nan Syèl la te reponn priyè Joseph Smith la? Kijan l reponn priyè nou?

  • Chante ansanm “La prière d’un enfant” (Chants pour les Enfants, 12–13).

    Imaj
    yon jènfi k ap priye

    Pè Selès la tande nou e li reponn priyè nou yo.

Istwa —Joseph Smith 1:14–19, 25

Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri te parèt devan Joseph Smith.

Chak timoun w ap anseye bezwen yon temwayaj sou eksperyans Joseph Smith la nan Boskè Sakre a. Kijan w ka ede yo jwenn oubyen fòtifye temwayaj yo?

Aktivite posib

  • Pou revize istwa Premye Vizyon an, ekri rezime chak vèsè nan Joseph Smith—Istwa 1:14-19 yo sou yon moso papye pou chak vèsè. Mete moso papye yo nan yon veso, epi envite timoun yo pou yo chwazi yo youn pa youn epi mete yo nan lòd kòrèk la sou tablo a.

  • Envite yo pou yo fèmen zye yo epi imajine kijan sa t ap ye pou yo ta tankou Joseph pandan w ap li pati w seleksyone yo nan Joseph Smith—Istwa 1:14-17 la. Mande yo pou yo di kisa yo panse ak kisa yo santi konsènan eksperyans Joseph la.

  • Pase videyo “Mande Bondye: Premye Vizyon Joseph Smith la” (ChurchofJesusChrist.org), epi mande yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann konsènan vizyon Joseph la de Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

  • Li temwayaj Joseph la ansanm nan Joseph Smith—Istwa 1:25. Mande timoun yo pou yo chèche mo ak fraz ki montre lafwa Joseph. Kijan nou ka ret fidèl anvè Bondye ak nan temwayaj nou lè lòt moun pa dakò avèk nou?

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje istwa Premye Vizyon Joseph Smith la avèk yon moun—si sa posib, avèk yon moun ki po t ko janm tande l avan sa. Yo ta ka itilize paj aktivite semèn sa a pou ede yo rakonte istwa a.

Amelyore Ansèyman Nou

Ankouraje reverans. Pou fè timoun yo sonje pou yo gen reverans, ou gen dwa chante oubyen fredone yon chan, afiche yon foto Jezi, oubyen itilize yon siy ke timoun yo rekonèt.

Enprime