Doktrin ak Alyans 2021
11–17 Janvye. Doktrin ak Alyans 2; Istwa—Joseph Smith 1:27–65: “Kè Pitit Yo Pral Retounen sou Papa Yo.”


“11–17 Janvye. Doktrin ak Alyans 2; Istwa—Joseph Smith 1:27–65: “Kè Pitit Yo Pral Retounen sou Papa Yo.’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“11–17 Janvye. Doktrin ak Alyans 2; Istwa—Joseph Smith 1:27–65 Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021

Imaj
Mowoni ki parèt devan Joseph Smith

Li te Rele m Pa Non m, Pa Michael Malm

11–17 Janvye.

Doktrin ak Alyans 2; Istwa—Joseph Smith 1:27–65

“Kè Pitit Yo Pral Retounen sou Papa Yo.”

Kòmanse preparasyon w lan avèk lekti Doktrin ak Alyans 2 ak Istwa—Joseph Smith 1:27–65. Ide pou etid yo nan plan leson sa a ka ede w anseye verite ki nan chapit sa yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ou ta ka mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan vizit anj Mowoni an te fè Joseph Smith la pou kòmanse klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki p piti yo

Istwa —Joseph Smith 1:27-54

Papa nou ki nan Syèl la te aple Joseph Smith pou ede l fè travay li a.

Apresyasyon timoun yo pou Pwofèt Joseph Smith kapab apwofondi lè yo aprann konsènan travay Bondye te aple l pou l te fè a.

Aktivite posib

  • Afiche yon foto Mowoni k ap vizite Joseph Smith (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 91). Mande timoun yo pou yo di kisa yo wè nan foto a. Rezime istwa vizit Mowoni te fè Joseph la. Si sa nesesè, fè referans a Istwa—Joseph Smith 1:27–54 ak “Chapit 3: Anj Mowoni an ak Plak Lò yo” (Istwa Doktrin ak Alyans, 13-17). Envite timoun yo pou yo pretann ke yo se Joseph Smith nan plizyè pwen nan istwa a pandan w ap fè yo kwaze bra yo tankou yo t ap priye, pretann y ap monte mòn Kimora a, ak lòt bagay konsa.

  • Li Istwa—Joseph Smith 1:33 a fò, epi mande timoun yo pou yo kanpe lè yo tande fraz “Bondye te gen yon travay pou m te fè” a. Kisa Bondye te vle Joseph fè? Kisa l mande nou pou nou fè? Kite timoun yo fè desen sou kèk bagay Bondye vle yo fè, tankou priye, rann sèvis, oubyen li ekriti yo.

Doktrin ak Alyans 2

Eli te bay Joseph Smith pouvwa pou l sele fanmi ansanm.

Aprann sou pouvwa sèlman an ki te retabli atravè Joseph Smith la kapab ede timoun yo apresye benediksyon fanmi etènèl yo.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo repete non “Eli” a plizyè fwa. Mande yo pou yo koute pou yo tande non l pandan w ap li Doktrin ak Alyans 2:1. Eksplike ke sa yo se pawòl Mowoni te di Joseph Smith, epi yo ansenye ke Eli t ap vin retabli otorite prètriz la. Eli te parèt devan Joseph Smith nan Tanp Kirtland nan annapre epi l te bay pwofèt la pouvwa pou l sele fanmi yo ansanm.

  • Mande timoun yo pou yo di w yon bagay yo renmen osijè fanmi yo. Afiche yon foto yon fanmi bò kot yon tanp—pwòp fanmi pa w si sa posib (oubyen gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 120). Temwaye ke Pè Selès la vle nou ansanm avèk fanmi nou pou tout tan, epi sa se youn nan rezon ki fè l te ba nou tanp.

  • Chante ansanm “Ensemble à tout jamais” (Chants pour les enfants, 98). Kisa chante sa a di nou ka fè pou nou ka ansanm avèk fanmi nou pou tout tan?

Doktrin ak Alyans 2

Aprann sou zansèt mwen yo kapab pote lajwa pou mwen.

Menm timoun piti yo ka vin gen antouzyas epi santi lajwa nan istwa familyal (jeneyaloji).

Aktivite posib

  • Envite yon paran youn nan timoun yo pou vini nan klas la epi pataje yon istwa konsènan yon zansèt (epi montre yon foto si genyen ki disponib). Pale apwopo de lajwa w santi lè w aprann konsènan istwa fanmi w.

  • Bay chak timoun yon kè an papye. Ede yo ekri non yo avèk “Mwen pwomèt pou m sonje zansèt mwen yo” sou li. Li Doktrin ak Alyans 2:2, epi eksplike ke Eli te vin tounen kè nou bay zansèt nou yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Istwa—Joseph Smith 1:28-29

Mwen ka priye pou m ka jwenn padon.

Timoun w ap anseye yo ka santi yo ”kondane poutèt feblès ak enpèfeksyon [yo]” (Istwa—Joseph Smith 1:29) jan Joseph Smith te santi l la. Ede yo aprann ke yo ka vire al jwenn Papa nou ki nan Syèl la pou yo jwenn padon.

Aktivite posib

  • Li Joseph Smith—Istwa 1:29 avèk timoun yo. Kijan Joseph Smith te santi l poutèt fot li yo? Kisa l te vle fè poutèt fot sa yo? Kisa nou ka aprann nan ekzanp Joseph la ki ka ede nou lè nou komèt erè. Mande timoun yo kijan sa fè yo santi pou yo konnen ke Bondye te aple Joseph Smith malgre l pa t pafè.

  • Poukisa li enpòtan pou nou reflechi apwopo de “eta nou devan [Bondye]“? (Istwa —Joseph Smith 1:29). Di timoun yo kisa w fè lè w ap reflechi sou eta w devan Bondye.

Istwa —Joseph Smith 1:30–54

Bondye te aple Joseph Smith pou l te fè yon travay enpòtan.

Etid mesaj Mowoni bay Joseph Smith la ka ede timoun yo fòtifye temwayaj yo konsènan apèl sakre Joseph la.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo jwe wòl oubyen desine foto evenman nan Istwa —Joseph Smith 1:30–54 yo, tankou Mowoni k ap parèt devan Joseph (vèsè 30-47), Joseph k ap pale avèk papa l (vèsè 48-50), ak Joseph lè l te jwenn plak yo (vèsè 51-54). Kisa nou aprann nan istwa sa a konsènan travay Joseph te aple pou l te fè a?

  • Li Istwa —Joseph Smith 1:33–35 la avèk timoun yo epi mande yo pou yo koute kisa Mowoni te vle Joseph konnen konsènan travay Joseph te aple pou l te fè a. Nan ki fason nou te beni paske Joseph te fè travay li kòm tradiktè Liv Mòmon an? Envite timoun yo pou yo li Liv Mòmon an regilyèman.

Doktrin ak Alyans 2

Papa nou ki nan Syèl la vle fanmi yo sele nan tanp.

Mowoni te di Joseph Smith ke Eli t ap vin “revele … Prètriz la” (vèsè 1). Sa fè referans avèk pouvwa sèlman prètriz la ki pèmèt fanmi yo ini etènèlman epi ki pèmèt nou resevwa òdonans pou zansèt nou yo nan tanp.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo li pwofesi nan Doktrin ak Alyans 2:1 an. Mande yo pou yo chèche kiyès Senyè a t ap voye nan dènye jou yo epi kisa moun sa a t ap revele. Afiche yon foto Eli nan Tanp Kirtland lan (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 95), epi pale de kijan pwofesi sa a te akonpli 13 an apre vizit Mowoni an (gade Doktrin ak Alyans 110:13-15).

  • Eksplike ke Eli te retabli kle prètriz yo ki pèmèt fanmi yo sele ansanm pou tout tan an. Montre kèk bagay ki ka ede timoun yo konprann kisa sa vle di pou yo sele yon bagay, tankou manje, oubyen ti sachè plastik avèk yon zip. Kijan bagay sa yo ede nou konprann kisa sa vle di pou yon fanmi sele.

  • Afiche yon foto tanp, epi ede timoun yo site kèk nan bagay nou fè nan tanp yo. Eksplike ke batèm pou mò yo, maryaj etènèl, ak sèlman fanmi yo nan tanp posib gras ak kle prètriz yo Eli te retabli a.

  • Envite yon jènfi oubyen yon jènjan nan pawas la pou pataje yon eksperyans kote l te jwenn non yon zansèt epi l te batize pou zansèt sa a nan tanp.

    Imaj
    Tanp Palmyra a nan Nouyòk

    Fanmi yo sele nan tanp pa pouvwa ki te retabli palentèmedyè Eli a.

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo mande paran yo pou pataje yon istwa avèk yo konsènan youn nan zansèt yo oubyen ede yo prepare manje prefere youn nan zansèt yo pou yo manje ansanm.

Amelyore Ansèyman nou

Ede timoun ki pi piti yo aprann de ekriti yo. Pou ede timoun ki pi piti yo aprann de ekriti yo, konsantre sou yon grenn vèsè ekriti oubyen sou yon fraz kle. Ou gen dwa envite yo pou yo kanpe oubyen leve men yo lè yo tande mo a oswa fraz la. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 21.)

Enprime