Doktrin ak Alyans 2021
25-31 Janvye. Doktrin ak Alyans 6-9: “Sa Se Lespri Revelasyon an”


“25-31 Janvye. Doktrin ak Alyans 6-9: “Sa Se Lespri Revelasyon an,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“25-31 Janvye. Doktrin ak Alyans 6-9: “ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
sekretè k ap ekri sou papye

25-31 Janvye.

Doktrin ak Alyans 6-9

“Sa se Lespri Revelasyon an”

Li Doktrin ak Alyans 6-9 pou kòmanse prepare w pou w ansenye. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak plan leson sa a kapab ba w ide sou fason pou w ansenye timoun yo nan klas la.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Èske timoun yo konn istwa Oliver Cowdery a ki pale de resevwa repons pou priyè a? (gade nan Les Saints, 1:58-60). Petèt yomenm tou yo te fè yon eksperyans avèk lapriyè ke yo ta ka pataje.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 6:5; 8:2; 9:7-9

Papa nou ki nan Syèl la ka pale avèk nou atravè Sentespri a.

Ede timoun yo konprann ke yo gen yon Papa eman nan Syèl la ki koute priyè yo epi ki reponn yo atravè Lespri l la.

Aktivite Posib

  • Itilize “chapit 5: Joseph Smith ak Oliver Cowdery” a (Istwa Doktrin ak Alyans 22-25, oubyen videyo ki koresponn avèk li a nan ChurchofJesusChrist.org) pou w pale timoun yo de Oliver Cowdery ak sa l te aprann sou fason Pè Selès la pale avèk nou. Mande timoun yo pou yo di w ki pati nan istwa a yo pi renmen, epi kite yo chak pale w de Oliver Cowdery lè tou pa yo rive.

  • Di yo ke Oliver Cowdery te eseye tradui Liv Mòmon an men li pa t kapab, konsa, Joseph te mande Senyè a poukisa. Li repons Senyè a pou timoun yo: “Ou dwe etidye l nan panse ou; apre sa ou dwe mande m si se jis” (Doktrin ak Alyans 9:8). Mande yo pou yo pretann ke y ap etidye ak priye. Ede timoun yo konprann ke se nan fason sa a nou ka resevwa repons nan men Senyè a tou—lè nou etidye epi nou mande èd li.

    Imaj
    Oliver Cowdery

    Oliver Cowdery pa Lewis A. Ramsey

  • Envite timoun yo pou yo manyen tèt yo ak lestomak yo pandan w ap li mo “lespri” ak “kè” yo nan Doktrin ak Alyans 8:2 a. Ede yo konprann ke Papa nou ki nan Syèl la pale avèk nou atravè Sentespri a, ki ba nou panse ak santiman. Chante yon kantik sou Sentespri a ansanm, tankou “Le Saint-Esprit” (Chants pour les enfants, 105). Kisa chante sa a ansenye sou fason Lespri a pale avèk nou? Pataje yon eksperyans kote w te santi Sentespri a nan lespri w ak nan kè w.

Doktrin ak Alyans 6:33-36

Avèk èd Sovè a, m pa bezwen pè.

Joseph Smith ak Oliver Cowdery te gen anpil rezon pou yo te pè—pèsekisyon ak povrete se te sèlman kèk nan difikilte yo te rankontre. Mesaj Senyè a pou Joseph ak Oliver a ka ankouraje timoun yo tou lè yo santi yo pè.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo repete mo sa yo: “pa pè, ti twoupo” a (Doktrin ak Alyans 6:34) plizyè fwa. Eksplike ke yon twoupo se yon gwoup bèt, tankou mouton. Montre foto Sovè a kòm yon bèje (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no 64), epi temwaye ke l ap veye sou nou menm jan yon bèje veye sou mouton li. Paske Li renmen nou, nou pa bezwen pè.

  • Kite timoun yo pretann ke yo se yon twoupo mouton ki pè. Kisa ki ta kapab fè mouton pè pafwa? Kite youn nan timoun yo pretann ke l se bèje a ki ap asire sekirite mouton yo. Kisa k fè nou pè pafwa? Rann temwayaj ou ke Jezikri se tankou bèje nou an e ke li kapab kalme laperèz nou yo. Chante yon chan konsènan Sovè a ansanm, tankou “Little Lambs So White and Fair” (Children’s Songbook, 58).

  • Li Doktrin ak Alyans 6:36 pou timoun yo, epi envite yo pou yo repete mo sa yo: “pa doute, pa pè.” Ede yo panse a fason yo ka ”gade sou“ oubyen sonje Sovè a pandan semèn ki ap vini an (gade nan paj aktivite semèn sa a tou.)

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 6:5, 15-16, 22-23; 8:2; 9:7-9

Sentespri a pale avèk lespri m ak kè m.

Timoun w ap anseye yo kapab te resevwa don Sentespri a. Èske yo konprann kijan pou yo rekonèt revelasyon pèsonèl ki soti nan Lespri a?

Aktivite posib

  • Desine yon tèt ak yon kè sou tablo a. Ede yo li vèsè sa yo epi detèmine kiyès ladan yo ki dekri Sentespri a ki ap pale avèk lespri nou, kè nou, oubyen toulède: Doktrin ak Alyans 6:15, 23; 8:2; 9:89:9. Rakonte yo, apati de eksperyans pa w, kijan sa ye lè Sentespri a pale avèk lespri w ak kè w.

  • Li Doktrin ak Alyans 6:5 ansanm, epi envite timoun yo pou yo pataje eksperyans yo te fè avèk lapriyè ak resevwa repons. Ede yo panse a egzanp yon moun nan ekriti yo ki te priye epi ki te resevwa yon repons pou yon kesyon (gade 1 Nefi 2:16; Enòs 1:1–6; Etè 2:18–3:6).

  • Ekri sou tablo a Kijan Sentespri a pale avèk nou? Envite timoun yo pou yo chèche nan Doktrin ak Alyans 6:15-16, 22-23; 8:2; 9:7-9 pou yo ka jwenn repons pou kesyon an. Pataje eksperyans kote w te santi Sentespri a pale avèk ou.

Doktrin ak Alyans 6:33–37

“Pa pè fè byen.”

Timoun w ap anseye yo ka santi yo pè kanpe pou sa ki byen pafwa. Doktrin ak Alyans 6:33-37 ka enspire yo pou yo gen kouraj, menm nan sikonstans difisil.

Aktivite Posib

  • Li Doktrin ak Alyans 6:33 ansanm, epi diskite poukisa yon moun ta ka pè fè sa ki bon (gade nan vèsè 28-29) tou. Ede timoun yo jwenn mo ak gwoup mo nan vèsè 33-37 ki ap ede ba yo kouraj pou yo fè sa ki bon.

  • Ede timoun yo fè desen yo ka afiche lakay yo pou fè yo sonje pou yo “gade sou [Jezikri] nan tout panse yo” (vèsè 36). Pandan y ap fè desen yo, diskite sou sa gade sou Sovè a vle di ak kijan sa ka fè yo rete an sekirite.

  • Chante ansanm yon chan sou kouraj, tankou “Fais donc le bien” (Chants Pour Les Enfants, 80) oubyen “Mettons de l’ardeur” (Cantiques, no 159). Mande timoun yo pou yo chèche nan kantik la kèk rezon ki fè nou dwe “pa pè” (vèsè 36).

Doktrin ak Alyans 8:10

M kapab mande avèk lafwa.

Nan tout ekriti yo, Senyè a fè nou sonje pou nou gen lafwa nan Li. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo pou yo gen pi gwo lafwa nan Jezikri?

Aktivite Posib

  • Ekri sou tablo a San ou pa ka fè anyen; se poutèt sa, nou dwe mande avèk . Envite timoun yo pou yo eseye panse a yon mo ki konvnab nan toulède espas vid yo. Apre sa li Doktrin ak Alyans 8:10 ansanm pou nou jwen repons lan. Ki bagay nou ka fè si nou gen lafwa?

  • Apre nou fin li ansanm Doktrin ak Alyans 8:10, ede timoun yo panse a bagay yo ka mande Senyè a pou ede yo. Envite yo pou yo fè yon desen ki reprezante yon bagay yo dwe mande. Lè yo montre klas la desen yo a, kite lòt timoun yo devine kisa foto a reprezante.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ede timoun yo seleksyone yon gwoup mo kout nan Doktrin ak Alyans 6-9 ke yo ta renmen pataje avèk yon moun lakay yo, tankou “pa pè fè byen” (6:33), “pa doute, pa pè” (6:36), oubyen “san lafwa ou pa ka fè anyen” (8:10).

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize istwa. Istwa yo ede timoun yo konprann prensip levanjil la paske yo demontre kijan lòt moun viv prensip sa yo. Lè w ap ansenye, chèche fason pou w enkli istwa—ki soti nan ekriti yo, nan istwa Legliz la, oubyen nan pwòp lavi pa w— ki ilistre prensip yo nan ekriti yo.

Enprime