Doktrin ak Alyans 2021
18-24 Janvye. Doktrin ak Alyans 3-5: “Travay Mwen an Pral Avanse”


“18-24 Janvye. Doktrin ak Alyans 3-5: “Travay Mwen an Pral Avanse,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“18-24 Janvye. Doktrin ak Alyans 3-5,“ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
mesye k ap travay nan jaden

Tan Rekòt an Frans, pa James Taylor Harwood

18-24 Janvye.

Doktrin ak Alyans 3-5

“Travay Mwen an Pral Avanse”

Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 3 5 la, ou ka resevwa enpresyon konsènan kisa timoun w ap anseye yo bezwen konprann. Aktivite nan plan leson sa a kapab ba ou kèk ide tou.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Montre foto Joseph Smith ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a, epi ede timoun yo pou yo di w yon bagay yo konnen osijè istwa a. Ede yo sonje istwa Martin Harris ki te pèdi premye paj tradiksyon Liv Mòmon yo (gade “Chapit.-4: Martin Harris ak Paj Pèdi yo,” Istwa Doktrin ak Alyans, 18-21; oubyen Sen, 1:51-56).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi piti yo

Doktrin ak Alyans 3:7–10

M ka chwazi fè sa ki bon lè lòt moun ap eseye fè m fè sa ki mal.

Ede timoun yo aprann sa Joseph Smith te aprann nan: si yo fè Papa nou ki nan Syèl la konfyans, l ap avèk [yo] nan tout moman twoub” (Doktrin ak Alyans 3:8).

Aktivite posib

  • Revize istwa Martin Harris la ak paj maniskri ki te pèdi yo (gade Istwa Doktrin ak Alyans, 18-21, oubyen videyo ki koresponn nan nan ChurchofJesusChrist.org). Pataje avèk timoun yo kèk sitiyasyon kote yo ka tante pou yo fè yon bagay yo konnen ki pa bon. Kijan Papa nou ki nan Syèl la ka ede nou chwazi bon bagay? (gade Doktrin ak Alyans 3:8).

    Imaj
    Martin Harris

    Martin Harris, Pa Lewis A. Ramsey

  • Li pawòl sa yo ki soti nan Doktrin ak Alyans 3:8: “Li t ap lonje men l epi sipòte w.” Envite timoun yo pou yo kanpe epi lonje men yo pandan w ap li fraz la ankò. Pataje kèk fason Senyè a ka lonje men l pou ede yo lè lòt moun ap eseye fè yo fè bagay ki pa bon. Kite yo lonje men yo youn apre lòt pandan y ap di lòt fason Senyè a lonje lamen l pou ede nou.

Doktrin ak Alyans 4

Senyè a bezwen m pou fè travay li.

Timoun ka ”anbake nan sèvis Bondye” (Doktrin ak Alyans 4:2) nan plizyè fason, epi yo ka prepare yo kounyeya pou opòtinite adisyonèl alavni yo.

Aktivite posib

  • Li Doktrin ak Alyans 4:1 pou timoun yo. Vini ak kèk foto ki demontre travay “mèveye” Bondye yo nan dènye jou yo (tankou foto misyonè, foto tanp, ak Liv Mòmon an). Kite timoun yo pran tan pou yo chak chwazi yon foto epi pale de li. Di yo poukisa travay Senyè a mèveye pou ou.

  • Ede yo panse ak aksyon oubyen desine foto ki dekri fraz “sèvi ak tout kè ou, ak tout pouvwa ou, tout panse ou, ak tout fòs ou“ a (Doktrin ak Alyans 4:2). Pataje yon ekzanp sou yon moun ou konnen ki sèvi Bondye nan fason sa a.

  • Chante yon kantik sou travay misyonè ansanm, tankou “Je voudrais déjà partir en missionChants pour les enfants,90). Pale de kisa chan sa a ansenye sou fason nou ka ede Bondye fè travay li.

Doktrin ak Alyans 5:10

Nou resevwa pawòl Bondye a palentèmedyè Joseph Smith.

Kijan w ka ede timoun yo fòtifye temwayaj yo ke Joseph Smith ak lòt pwofèt yo ansenye pawòl Bondye?

Aktivite Posib

  • Kache yon foto Joseph Smith yon kote nan sal la (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 87). Li Doktrin ak Alyans 5:10, epi envite timoun yo pou y al chache foto a pou yo ka wè ak kiyès mo “ou” a ap fè referans. Rann temwayaj ou ke nou resevwa pawòl Bondye a atravè Joseph Smith.

  • Montre timoun yo kopi Liv Mòmon an ak Doktrin ak Alyans yo. Eksplike yo ke Bondye te banou ekriti sa yo palentèmedyè Joseph Smith. Pataje kèk nan vèsè prefere w nan liv sa yo, epi di poukisa ou rekonesan pou yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 3:5-10; 5:21-22

M dwe pi sousye pou m fè Bondye plezi pase pou m fè lòt moun plezi.

Pandan timoun yo ap aprann konsènan eksperyans Joseph Smith la ak paj ki te pèdi yo nan tradiksyon Liv Mòmon an, yo ka jwenn enspirasyon pou yo rete fidèl lè lòt moun ap tante yo pou yo dezobeyisan.

Aktivite posib

  • Kèlke jou alavans, envite youn nan timoun yo pou yo vin nan klas la prepare pou pataje istwa Joseph Smith ak Martin Harris ki te pèdi premye paj tradiksyon Liv Mòmon yo (gade Istwa Doktrin ak Alyans, 18-21; oubyen Sen, 1:51-56). Li ansanm Doktrin ak Alyans 3:5-8; 5:21-22, epi chèche benediksyon ki vini lè nou rete fidèl a Bondye.

  • Bay timoun yo tan pou yo reflechi sou yon sitiyasyon kote yon zanmi ta ka fè yo fè yon bagay ki pa bon. Envite yo pou yo chèche yon pasaj nan Doktrin ak Alyans 3:5-8; 5:21-22 ki ka ede yo nan sitiyasyon sa yo. Jwe wòl sou kèk ekzanp.

Doktrin ak Alyans 4

Senyè a bezwen m pou fè travay li.

Doktrin ak Alyans 4 ka enspire timoun yo pou yo patisipe nan “travay Mèveye” Senyè a (vèsè 1).

Aktivite posib

  • Ekri Sèvi Bondye sou tablo a. Envite timoun pou yo al nan Doktrin ak Alyans 4 epi fè lis bagay yo aprann konsènan sa sa vle di pou sèvi Bondye. Mande yo pou yo ajoute bagay yo te aprann nan chan “Je serai vaillant” an (Chants Pour Les Enfants, 85) oubyen yon lòt chan ki gen rapò ak sèvi Bondye.

  • Vini avèk zouti (oubyen foto zouti) ke yon moun ta ka itilize pou travay nan jaden. Nan ki fason zouti sa yo ede nou? Ede timoun yo jwenn bagay nan Doktrin ak Alyans 4:5-6 la ki ta ka tankou zouti pou fè travay Bondye a.

  • Envite misyonè aplentan yo oubyen misyonè pawas yo pou yo pataje yon bagay nan Doktrin ak Alyans 4 la ki te enspire yo pou fè travay Bondye a. Kisa n ka fè pou n ede nan travay Bondye a?

Doktrin ak Alyans 5:1–7, 11, 16, 23–24

Mwen ka yon temwen ke Liv Mòmon an vrè.

Yo te pwomèt Martin Harris ke l te kapab youn nan temwen plak lò yo si l te fidèl. Nou pa p wè plak yo menmjan Martin te wè yo a, men nou ka resevwa yon temwayaj espirityèl sou Liv Mòmon an. Kijan w ka ede timoun yo akeri ak pataje pwòp temwayaj pa yo sou Liv Mòmon an.

Aktivite Posib

  • Ekri kesyon tankou kesyon sa yo sou tablo a, epi ede timoun yo jwenn repons yo nan Doktrin ak Alyans 5:1-3, 7, 11: Kisa Martin Harris te vle konnen? Kiyès Joseph Smith te ka montre plak lò yo? Poukisa wè plak yo sèlman petèt pa sifi pou konvenk yon moun ke Liv Mòmon an se verite?

  • Mande timoun yo kisa yon temwen fè epi poukisa yon temwen enpòtan. Kisa Martin Harris te bezwen fè pou l te ka yon temwen plak lò yo? (gade Doktrin ak Alyans 5:23-24). Menmsi nou pa wè plak yo, kisa nou ka fè pou nou ka temwen Liv Mòmon an? (gade Doktrin ak Alyans 5:16; Mowoni 10:3-5).

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje timoun yo pou yo ekri temwayaj yo konsènan Liv Mòmon an epi pataje l avèk yon moun yo konnen.

Amelyore Ansèyman Nou

Adapte aktivite yo pou akomode timoun ki andikape yo. Ti adaptasyon tou piti kapab asire ke tout timoun yo aprann de aktivite yo. Paregzanp, si yon aktivite sigjere pou w montre yon foto, ou gen dwa fè yo chante yon chan pito olye ke w enkli timoun ki pa wè byen yo.

Enprime