Doktrin ak Alyans 2021
28 Desanm–3 Janvye. Doktrin ak Alyans 1: “Koute, Nou Menm Pèp”


“28 Desanm–3 Janvye. Doktrin ak Alyans 1: “Koute, Nou Menm Pèp,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“28 Desanm–3 Janvye. Doktrin ak Alyans 1,“ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
yon fanmi k ap li ekriti yo

28 Desanm–3 Janvye

Doktrin ak Alyans 1

“Koute, Nou Menm Pèp”

Premye etap ou nan preparasyon pou w ansenye a ta dwe pou etidye Doktrin ak Alyans 1 an nan yon espri lapriyè. Pandan w ap fè sa, koute enspirasyon sou bezwen timoun yo, epi chèche prensip ki ap enpòtan pou yo. Enpresyon sa yo ap ede w planifye aktivite siyifikan pou anseye prensip sa yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Kenbe Doktrin ak Alyans lan, epi mande timoun yo pou yo pataje nenpòt bagay yo konnen konsènan liv sa a. Kiyès ki te ekri l? Kisa l gen ladann? Poukisa l enpòtan? Pou èd, ou ta ka refere w nan “Chapit 23: Doktrin ak Alyans Yo” (Istwa Doktrin ak Alyans, 90-92). Pataje lanmou w pou Doktrin ak Alyans yo ak anpresman ou pou yo aprann de li ane sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi piti yo

Doktrin ak Alyans 1:4

Atravè pwofèt li yo, Senyè avèti nou sou danje espirityèl.

Senyè a te deklare ke vwa l se yon vwa “avètisman.” Kijan w pral enspire timoun yo pou yo koute ak obeyi avètisman l bay yo?

Aktivite posib

  • Kite timoun yo kenbe kèk foto sou siy avètisman—tankou danje sou wout, move tan, oubyen pwazon—epi eksplike yo kijan yo avèti nou de danje. Oubyen rakonte yo istwa sou yon lè w te obeyi yon avètisman. Konpare avètisman sa yo avèk avètisman Senyè a bannou atravè pwofèt li yo. Temwaye ke l avèti nou paske l renmen nou epi l vle nou ansekirite (gade paj aktivite semèn s a tou).

  • Li Doktrin ak Alyans 1:4 pou timoun yo: “Epi vwa avètisman an pral jwenn tout moun.” Pataje yon bagay ke pwofèt la te ansenye resamman ki ka kenbe nou ansekirite. Montre yo yon foto si posib. Pale konsènan kisa w ap fè pou w suiv konsèy pwofèt la.

Doktrin ak Alyans 1:17, 29

Joseph Smith se pwofèt Bondye.

Pandan ou menm ak timoun yo kòmanse etidye Doktrin ak Alyans lan, ede yo bati temwayaj yo sou apèl diven Joseph Smith la.

Aktivite posib

  • Montre yon foto Pwofèt Joseph Smith (gade Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo; gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no.-87 tou). Mande timoun yo pou yo kanpe bò kot foto a epi pataje sa yo konnen apwopo Joseph Smith.

  • Fè yo kenbe yon foto Sovè a ak yon foto Joseph Smith. Pale de sa Sovè a te bannou atravè Joseph Smith, tankou kòmandman (gade vèsè 17) ak Liv Mòmon an (gade vèsè 29). Di yo ke nan Doktrin ak Alyans yo, yo pral aprann konsènan kòmandman Senyè a te bay Legliz la atravè Joseph Smith.

  • Di yo kisa w santi apwopo Joseph Smith, epi temwaye ke Bondye “te aple sèvitè l Joseph Smith, Jun., epi l te pale avèk li depi nan syèl la” (vèsè 17).

Doktrin ak Alyans 1:38

Pawòl pwofèt la se pawòl Bondye.

Timoun w ap anseye yo gen dwa konn tande Prezidan Legliz la ap pale, men yo gen dwa pa reyalize ke pawòl li yo se pawòl Bondye. Ede yo aprann rekonèt pawòl pwofèt la kòm pawòl Bondye.

Aktivite posib

  • Bay youn nan timoun yo enstriksyon pou jwe yon jwèt senp epi mande l pou l repete enstriksyon jwèt la bay lòt timoun yo. Ede yo wè ke lè yo suiv enstriksyon timoun nan se kòmsi se enstriksyon pa w yo y ap suiv epi suiv pwofèt la se kòmsi se Senyè a y ap suiv tou. Li dènye liy Doktrin ak Alyans 1:38 lan pou yo: “Keseswa pa pwòp vwa pa m oubyen pa vwa sèvitè m yo, se menm bagay la.“

  • Chante ansanm yon kantik sou pwofèt, tankou dènye vèsè “Suis les prophètes” (Chants pour les enfants, 110-11). Pataje temwayaj ou ke pwofèt la pale pawòl Bondye.

  • Pataje yon foto, yon anrejistreman, oubyen yon videyo soupwofèt vivan an. Pataje temwayaj ou ke pwofèt la di nou sa Bondye vle nou konnen. Envite timoun yo pou yo di kijan yo santi yo apwopo pwofèt la.

    Imaj
    sesyon konferans jeneral

    Pwofèt la ansenye nou sa Bondye vle nou konnen.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 1:15–17, 29–30

Senyè a te konnen ki pwoblèm nou ta pral fè fas, konsa, li te retabli levanjil la atravè Joseph Smith.

Ou ka ede timoun yo prepare yo pou pwoblèm ki gen pou vini yo nan ansenye yo kijan Retablisman levanjil la bay pwoteksyon espirityèl.

Aktivite Posib

  • Ede timoun yo panse ak kèk nan pwoblèm nan mond lan jodi a. Revize Doktrin ak Alyans 1:15–16 avèk yo, epi ede yo idantifye kèk nan pwoblèm Senyè a te pwofetize ki t ap genyen yo. Envite yo dekouvri kisa Senyè a fè pou ede nou fè fas ak pwoblèm epòk nou yo nan vèsè 17 ak 29-30 yo.

  • Mande yo pou yo imajine ke y ap prepare yo pou yon vwayaj. Kisa yo t ap mete nan valiz yo? Kòman sa t ap ede yo si yo te konnen ke lapli ta pral tonbe pandan vwayaj la oubyen machin nan t ap pran yon pàn kawotchou? Li vèsè 17 la ansanm, epi diskite de kisa Senyè a te konnen k t ap rive ak kijan l te prepare pou sa. (Si nesesè, eksplike yo ke yon “kalamite” se yon dezas oubyen yon bagay terib.) Kijan kòmandman Bondye yo ede nou jere pwoblèm epòk nou yo?

Doktrin ak Alyans 1:30

Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo se “legliz vrè ak vivan” Senyè a.

Kijan w ka ede timoun yo apresye gwo benediksyon ki nan “legliz vrè ak vivan” an?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo fè lis kèk bagay ki vivan ak lis kèk bagay ki pa vivan (si posib, vini avèk foto oubyen ekzanp). Ki diferans ki genyen ant yon bagay ki vivan ak yon bagay ki pa vivan? Li vèsè 30 la ansanm. Kisa sa vle di ke Legliz la “vrè”? ke l “vivan”?

  • Afiche yon foto, tankou yon tablo sou Sovè a, epi mande timoun yo pou dekri l pandan ke w etenn limyè yo ki nan sal la. Itilize aktivite sa a pou ede timoun yo wè ke, pou anpil moun, vrè Legliz Sovè a nan “obskirite” ak “fènwa.” Kijan nou ka ede lòt moun aprann osijè Legliz la?

Doktrin ak Alyans 1:37-38

Pawòl Senyè a dire pou tout tan.

Ou ka ede timoun yo bati lafwa yo nan Jezikri nan anseye yo ke pawòl li yo asire epi yo sèten.

Aktivite posib

  • Ede yo konpare bagay ki tanporè, tankou yon bulle oubyen yon flokon nèj, avèk bagay ki parèt pèmanan, tankou yon montay oubyen solèy la. Mande yo pou yo jwenn yon bagay Senyè di ki pèmanan nan vèsè 37-38 yo. Poukisa se yon benediskyon pou nou konnen ke pawòl Bondye a p ap “peri”?

  • Ede timoun yo konprann ke “vwa sèvitè m yo” enkli vwa pwofèt ak apot nou yo. Ede yo chèche “pwofesi ak pwomès” nan yon diskou konferans jeneral resan ke youn nan sèvitè Senyè a te bay. Pataje temwayaj ou ke Senyè a te enspire mo sa yo epi y “ap akonpli.”

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Revize sa yo te aprann jodia avèk timoun yo, epi envite yo pou yo chwazi yon bagay yo santi tout moun ta dwe konnen. Ankouraje yo pou yo pataje l avèk yon zanmi oubyen yon manm fanmi.

Amelyore Ansèyman Nou

Timoun aprann nan plizyè fason. “Se pa tout timoun yo ki menmjan, e chak timoun ap pwogrese rapidman. Efò ou pou anseye timoun yo ap pi efikas si w itilize plizyè metòd ansèyman,“ tankou istwa, èd vizyèl, ak mizik (Anseye nan Fason Senyè a, 25).

Enprime