Scripture Stories
Chapit 23: Doktrin ak Alyans lan: Out–Novanm 1831


“Chapit 23: Doktrin ak Alyans lan: Out–Novanm 1831,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 90–92

“Chapit 23,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 90–92

Chapit 23

Doktrin ak Alyans lan

(Out–Novanm 1831)

Imaj
Joseph leaving Missouri

Joseph Smith ak kèk nan Sen yo te kite Misouri. Yo te retounen Kirtland, Ohio.

Imaj
Joseph writing revelations

Senyè a te bay Joseph Smith anpil revelasyon. Joseph te ekri revelasyon. Sen yo te vle mete revelasyon yo nan yon liv. Liv la tap rele Liv Kòmandman yo. Pita yo te rele l Doktrin ak Alyans.

Imaj
Joseph speaking with member

Jezi te di Joseph revelasyon yo te enpòtan anpil. Se Bondye ki te ba yo. Tout bagay ladan yo se laverite. Jezi te bay Joseph de lòt revelasyon: yon revelasyon pou kòmansman Doktrin ak Alyans lan ak yon revelasyon pou fen an. Yo di nou Doktrin ak Alyans se yon liv enpòtan.

D&A 67:Prefas; 133:Prefas

Imaj
modern-day chapel

Doktrin ak Alyans di chak moun vrè Legliz Jezikri a retounen sou tè a.

Imaj
priesthood bearers giving blessing

Doktrin ak Alyans pale apwopo prètriz la. Gason jis gen pouvwa prètriz la ankò.

Imaj
couple reading Book of Mormon

Doktrin ak Alyans pale apwopo Liv Mòman an. Moun yo kapab li Liv Mòmon an. Chak moun ka gen enfòmasyon sou levanjil Jezikri a.

Imaj
sisters sharing food

Doktrin ak Alyans aprann Sen yo pataje tou. Sen ki pataje yo ap ranpli ak Sentespri a.

Imaj
Heavenly Father and Jesus Christ

Doktrin ak Alyans anseye kòmandman Bondye yo. Sen ki obeyi kòmandman sa yo ka bati Siyon. Yo ka viv ak Papa ki nan Syèl la ansanm avèk Jezikri pou tout tan.

Imaj
people reading Doctrine and Covenants

Jezi te di tout manm Legliz la ta dwe li Doktrin ak Alyans lan.

Imaj
Joseph at printing press

Apre konferans lan, Oliver Cowdery te ale Misouri. Li te pran revelasyon Joseph te ekri yo. Li te bay yon enprimè yo. Li te di enprimè pou l enprime twa mil liv, men mechan te bloke travay près la epi yo te detwi pifò paj yo.

Imaj
girl holding Doctrine and Covenants

Doktrin ak Alyans lan te resi pibliye an 1835. Sen yo te di Papa ki nan Syèl la mèsi pou revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans yo. Yo te pwomèt yo tap di lòt moun yo se Bondye ki bay revelasyon yo.

Enprime