Scripture Stories
Chapit 15: Yon Misyon bò kote Lamanit yo: Septanm 1830


“Chapit 15: Yon Misyon bò kote Lamanit yo: Septanm 1830,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 58–60

“Chapit 15,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 58–60

Chapit 15

Yon Misyon bò kote Lamanit yo

(Septanm 1830)

Imaj
Oliver Cowdery

Jezi te vle moun tande levanjil la. Li te vle pou kèk nan Sen yo al fè misyon. Li te di Oliver Cowdery pou l fè yon misyon bò kote Endyen yo.

Imaj
Jesus speaking to Nephite

Yo te rele Endyen yo Lamanit nan Liv Mòmon an. Jezi te vle pou Lamanit yo li Liv Mòmon an. Li te pwomèt anpil pwofèt Lamanit yo tap gen Liv Mòmon an. Lè a te rive pou l respekte pwomès sa a.

Imaj
Jesus speaking to Lamanites

Liv Mòmon an tap pale Lamanit yo apwopo zansèt yo ki t ap viv, sa gen de mil an. Li tap di Lamanit yo pwomès Jezi te fè yo. Li tap ede yo kwè nan Jezi ak nan levanjil la. Li tap anseye yo pou yo repanti epi pou yo batize.

Imaj
men of the Church

Gen lòt mesye ki te vle ale avèk Oliver Cowdery. Yo te vle preche Lamanit yo levanjil la. Yo te vle bay Lamanit yo Liv Mòmon an. Senyè a te di twa nan mesye yo te ka ale.

Imaj
missionaries teaching Native Americans

Pou kòmanse, misyonè yo te ale kot kèk Endyen nan Nouyòk. Yo te jwenn sèlman de twa grenn endyen ki te konn li. Misyonè yo te ba yo Liv Mòmon an.

Imaj
missionaries greeting Native Americans

Apre sa, misyonè yo te al preche kèk Endyen nan Ohio. Endyen yo te kontan tande pale apwopo Liv Mòmon an. Yo te kontan jwenn enfòmasyon sou zansèt yo.

Imaj
missionaries leaving on horseback

Misyonè yo te kite Ohio. Yo te ale nan yon vil ki rele Endepandans, nan Jackson County, Misouri. Te gen anpil Endyen nan Misouri.

Imaj
Native Americans reading from Book of Mormon

Misyonè yo te preche yo levanjil la. Yo te bay Endyen yo Liv Mòmon an. Sa te fè Endyen yo kontan anpil. Yo te di misyonè yo mèsi pou Liv Mòmon an.

Imaj
people telling missionaries to stay away

Gen lòt moun nan Misouri ki pa t kwè nan levanjil la. Yo pa t kwè Liv Mòmon an. Yo te di misyonè yo pou yo rete lwen Endyen yo.

Imaj
missionaries leaving Missouri

Moun yo te di sòlda yo tap chase misyonè yo si yo pa t mache pòs yo. Nouvel sa a te fè misyonè yo tris. Yo te al anseye lòt moun Misouri levanjil la.

Imaj
Parley P. Pratt speaking to Joseph

Youn nan misyonè yo te rele Parley P. Pratt. Li te retounen Kirtland pou l te di Joseph kisa yo te fè. Parley te di yo te fè yon bon misyon. Yo te anseye anpil moun levanjil la.

Enprime