Scripture Stories
Chapit 33: Yon Revelasyon sou Jezikri: Me 1833


“Chapit 33: Yon Revelasyon sou Jezikri: Me 1833,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 126–27

“Chapit 33,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 126–27

Chapit 33

Yon Revelasyon sou Jezikri

(Me 1833)

Imaj
Joseph receiving revelation

Yon jou, Jezi te pale ak Pwofèt Joseph Smith. Li te pale Joseph apwopo limenm. Jezi te di moun ka wè figi l epi konnen l. Dabò, yo dwe sispann fè mechanste. Yo dwe priye epi obeyi kòmandman Bondye yo. Epi, yon jou konsa yo ka wè Jezi.

Imaj
Jesus Christ

Jezi te di li se limyè mond lan. Yon limyè se yon bagay ki montre nou bon wout pou nou pase. Jezi se limyè mond lan paske li montre nou jan ki kòrèk pou nou viv.

Imaj
Jesus creating the earth

Jezi te viv avèk Papa ki nan Syèl la anvan tè a te fèt. Se Jezi ki te fè tè a. Se li ki te fè tout bagay sou tè a.

Imaj
young Jesus praying

Jezi pa t tankou Papa li ki nan Syèl la nan kòmansman an. Li pa t konnen tout bagay Papa l te konnen yo. Li pa t gen tout pouvwa ak glwa Papa l te genyen an. Li te fè anpil efò pou l te ka vin tankou Papa l. Apre sa, li te vin tankou Bondye, Papa a. Jezi te gen pouvwa ak glwa.

Imaj
Joseph seeing Jesus in the heavens

Jezi te di nou ta dwe obeyi kòmandman Bondye yo. Epi n ap aprann laverite. N ap konnen tout bagay. Apre sa n ap kapab vin tankou Bondye, Papa a. Nou kapab gen pouvwa ak glwa.

Imaj
Joseph teaching his family

Jezi te di Satan pa vle pou moun vin tankou Bondye. Li pa vle yo konnen laverite. Jezi te di Joseph pou l anseye fanmi l laverite.

Imaj
Sidney Rigdon teaching his family

Jezi te di Sidney Rigdon ak Frederick G. Williams ta dwe anseye fanmi yo obeyi kòmandman Bondye yo. Epi, Satan pa tap ka anpeche yo konnen laverite.

Enprime