Scripture Stories
Chapit 53: Bondye ak Anj yo: Fevriye–Avril 1843


“Chapit 53: Bondye ak Anj yo: Fevriye–Avril 1843,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 194–97

“Chapit 53,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 194–97

Chapit 53

Bondye ak Anj yo

(Fevriye–Avril 1843)

Imaj
man speaking to Joseph

Yon jou yon mesye te vin kote Joseph Smith. Mesye a te di li te wè yon anj. Li te di Joseph Smith kijan anj lan te abiye. Joseph Smith te di mesye a te nan erè. Li te di anj yo pa abiye jan mesye a te di a.

Imaj
man gesturing angrily towards Joseph

Mesye a te fache anpil. Li te kòmande pou dife sot nan syèl la epi desann pou boule Pwofèt la ak kay li. Men mesye a la pa t gen pouvwa Bondye. Okenn dife pa t desann sot nan syèl la.

Imaj
Joseph seeing vision of angels

Jezi te bay Joseph Smith yon revelasyon konsènan anj yo. Jezi te di anj yo se moun ki te viv sou tè a. Yo te mouri epi yo te resisite. Yo gen kò chè ak zo. Kounyeya y ap viv avèk Bondye.

Imaj
man looking heavenward

Jezi te di Satan ap eseye twonpe moun. Pafwa li fè moun panse li se yon anj. Li eseye fè moun fè move bagay. Men moun jis kapab konnen kilè Satan ap eseye twonpe yo.

Imaj
angels living with God

Pita, Joseph Smith te di moun yo lòt bagay konsènan syèl la. Moun ki te jis sou tè a ap viv nan syèl la avèk Jezikri. Y ap konnen nan syèl la tout sa yo te aprann sou tè a.

Imaj
angel holding laws of Heaven

Joseph Smith te di tout lwa Bondye yo te fèt nan syèl la anvan nou te vini sou tè a. Gen yon benediksyon pou chak lwa. Nou dwe obeyi lwa a pou nou ka gen benediksyon an.

Imaj
Jesus with body of flesh and bones

Joseph Smith te pale Sen yo apwopo Jezikrii ak Papa ki nan Syèl la. Jezi gen tout trè yon gason. Li te viv sou tè a. Li te mouri epi li te resisite. Li gen yon kò chè ak zo.

Imaj
Heavenly Father with body of flesh and bones

Papa ki nan Syèl la gen yon kò chè ak zo. L ap viv yon bèl kote klere.

D&A 130:7, 22; Abraam 3:4

Imaj
Joseph looking into heaven

Joseph Smith te di tou Sentespri a se yon espri. Sentespri a pa gen yon kò chè ak zo.

Enprime