Scripture Stories
Chapit 1: Joseph Smith ak Fanmi Li: 1805–1820


“Chapit 1: Joseph Smith ak Fanmi Li: 1805–1820,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 6–8

“Chapit 1,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 6–8

Chapit 1

Joseph Smith ak Fanmi Li

(1805–1820)

Imaj
Joseph Smith as young boy

Joseph Smith te fèt le 23 desanm 1805. Fanmi li te rete nan Vermont, yon eta nan Etazini Damerik. Papa Joseph Smith te rele Joseph tou. Manman l te rele Lucy.

Imaj
Joseph and his siblings

Joseph te gen senk frè ak twa sè.

Imaj
Joseph’s family working

Papa Joseph ak manman l se te bon moun. Yo te renmen pitit yo. Yo te travay di pou okipe pitit yo.

Imaj
Joseph in bed

Lè Joseph te piti, li te gen yon gwo maleng nan janm li. Doktè yo te fè jefò pou geri janm lan men yo pa t kapab.

Imaj
Hyrum sitting beside Joseph’s bed

Hyrum Smith se te gran frè Joseph. Li te renmen Joseph. Hyrum te gen lapenn pou jan janm Joseph la t ap fè l mal. Li te chita bò kabann Joseph la. Li te eseye ede Joseph pou mesye te ka santi l pi byen.

Imaj
Lucy Mack Smith with Joseph

Doktè yo te vle koupe janm Joseph. Manman l pa t vle kite yo fè sa. Konsa, yo te deside pou yo retire yon pati nan zo a. Joseph te konnen janm li tap fèl mal si doktè yo te koupe l. Men li te gen lafwa. Li te konnen Papa ki nan Syèl la tap ede l.

Imaj
Joseph and his mother

Doktè yo te mande Joseph pou l bwè yon ti diven pou doulè a pa t twò rèd. Joseph pa t vle bwè diven an. Joseph te mande manman l pou l sot deyò. Joseph pa t vle l wè doktè yo k ap koupe nan janm li an.

Imaj
doctors operating on Joseph’s leg

Joseph te mande papa l pou l kenbe l. Doktè yo te koupe nan janm Joseph. Yo te retire pati ki pa t bon nan zo a. Sa te fè Joseph soufri anpil. Men li te gen kè anpil. Janm li te vin miyò apre anpil jou.

Imaj
log cabin

Lè Joseph te vin pi gran, fanmi l te bote al viv nan eta Nouyòk. Yo te rete nan yon kay ki te fèt ak moso bwa won sou yon fèm toupre Palmyra.

Imaj
Lucy Mack Smith washing clothes

Fanmi Joseph te malere. Yo te oblije travay di pou yo te ka peye pou fèm nan. Tigason yo te ede papa yo plante. Yo te okipe zannimo yo. Tifi yo te travay avèk manman yo.

Joseph Smith—Istwa 1:46

Imaj
Joseph stick-pulling with brother

Joseph se te yon bon tigason. Kè l te kontan. Li te renmen ri e amize l.

Joseph Smith—Istwa 1:28

Enprime