Scripture Stories
Chapit 49: Sen yo nan Nauvoo: Janvye–Jiyè 1841


“Chapit 49: Sen yo nan Nauvoo: Janvye–Jiyè 1841,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 183–84

“Chapit 49,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 183–84

Chapit 49

Sen yo nan Nauvoo

(Janvye–Jiyè 1841)

Imaj
Joseph praying

Joseph Smith ak anpil Sen t ap viv nan Nauvoo, Illinois. Jezi te bay Joseph kèk revelasyon enpòtan. Jezi te di li te satisfè ak travay Joseph te fè a. Jezi te di yo ta dwe pale tout wa ak tout dirijan nan mond lan apwopo levanjil la.

Imaj
Saints building temple in Nauvoo

Jezi te di Sen yo ta dwe bati yon tanp nan Nauvoo. Li te vle pou Sen yo bay lò ak ajan pou tanp lan. Yo ta dwe pote anpil kalite bèl bwa pou bati tanp lan.

Imaj
Jesus Christ

Jezi te di li tap vin nan tanp lan. Li tap bay revelasyon sou Legliz li a ak prètriz la.

Imaj
members performing baptisms for the dead

Jezi te di Joseph li te nesesè pou Sen yo batize pou moun ki mouri yo. Li te di yo ta dwe bati yon fon batismo nan tanp lan. Yo ta kapab batize pou mò yo ladan l.

Imaj
Hyrum performing patriarchal blessing

Jezi te di li renmen Hyrum, frè Joseph la. Hyrum Smith tap Patriyach Legliz la. Li tap bay Sen yo benediksyon espesyal.

Imaj
Brigham Young speaking

Yon jou, Senyè a te bay Joseph yon revelasyon sou Brigham Young. Jezi te di li renmen Brigham Young. Li te konnen Brigham te travay di pou Legliz la. Li te rete lwen lakay li pandan anpil misyon. Li te kite fanmi l anpil fwa.

Imaj
Brigham caring for his family

Senyè a te di Brigham Young ta dwe rete avèk fanmi l. Li ta dwe pran swen yo yon jan espesyal.

Enprime