Scripture Stories
Chapit 63: Sen yo nan Montay Wòch yo: Jiyè 1847


“Chapit 63: Sen yo nan Montay Wòch yo: Jiyè 1847,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 230–33

“Chapit 63,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 230–33

Chapit 63

Sen yo nan Montay Wòch yo

(Jiyè 1847)

Imaj
Brigham Young pointing

Sen yo te kòmanse bati yon vil nan Great Salt Lake Valley. Yo te rele vil la Salt Lake City. Brigham Young te chwazi yon kote pou l bati tanp lan.

Imaj
men planting and building

Brigham Young te divize vil la. Chak fanmi te gen tè pou l fè yon kay ak yon fèm. Pyonye yo te bati kay ak moso pyebwa won. Yo te plante. Yo te travay di. Brigham Young te anseye Sen yo chak moun fèt pou l travay pou sa l te bezwen.

Imaj
men framing new church

Brigham Young te divize vil la an senk pawas. Moun yo te kòmanse bati legliz. Te gen lòt pyonye ki te vini nan vale a. Byen vit te gen tan gen diznèf pawas.

Imaj
woman teaching children

Pyonye yo te kòmanse yon lekòl. Klas lekòl la ak reyinyon legliz yo te fèt menm kote. Pita lekòl didimanch te kòmanse.

Imaj
missionaries teaching man

Brigham Young te voye misyonè nan lòt peyi ki lòtbò lanmè a. Gen kèk kote yon tikras moun te vin manm Legliz la.

Imaj
new members traveling by ship

Gen lòt kote anpil moun te kwè misyonè yo. Yo te vin manm Legliz la. Anpil ladan yo te vle viv ak Sen yo nan Great Salt Lake Valley. Yo te travèse lanmè a nan bato.

Imaj
pioneers traveling

Kèk nan moun yo te travèse plenn yo nan charyo kouvri. Men gen kèk moun ki pa t gen kòb pou yo achte charyo. Yo te fè ti kabwèt de wou. Yo te rele yo bourèt. Pyonye yo te mete tout bagay yo nan bourèt yo. Yo te pouse ak rale bourèt yo pou travèse plenn yo. Pouse bourèt yo se te yon travay ki te di anpil. Kèk nan moun yo te vin malad epi yo te mouri.

Imaj
Saints driving covered wagon

Brigham Young te yon dirijan saj. Li te voye mesye yo ak fanmi yo lòt kote nan lwès la. Gen kèk Sen ki te bati vil nan Kalifòni. Gen lòt Sen ki te bati vil nan Idaho, Arizona, ak Wyoming. Gen kèk nan moun yo ki te regrèt kite lakay yo. Men yo te obeyi Brigham Young.

Imaj
Saints in field

Sen yo te gen anpil pwoblèm. Pafwa plant yo pa t vle pouse. Inondasyon te konn ale ak fèm yo. Pafwa gen Endyen ki te konn vòlè bagay Sen yo oubyen ki te touye yo.

Imaj
Native American sharing food

Brigham Young te di Sen yo pou yo janti avèk Endyen yo. Sen yo te bay Endyen yo manje. Anpil nan Endyen yo te vin zanmi Sen yo.

Imaj
man working on Salt Lake Temple

Sen yo te kòmanse bati tanp nan lwès la. An 1853, yo te kòmanse bati tanp Salt Lake City a. Yo te travay pandan karantan pou bati tanp lan. Sen yo te bati twa lòt tanp anvan tanp Salt Lake la te fini. Yo te bati Tanp Saint George la, Tanp Logan an, ak Tanp Manti a.

Enprime