Scripture Stories
Chapit 10: Premye Mirak Ki Fèt nan Legliz la: Avril 1830


“Chapit 10: Premye Mirak Ki Fèt nan Legliz la: Avril 1830,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 43–44

“Chapit 10,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 43–44

Chapit 10

Premye Mirak Ki Fèt nan Legliz la

(Avril 1830)

Imaj
people attending church meeting

Pwochèn reyinyon Legliz Jezikri a te fèt dimanch 11 avril 1830. Manm Legliz la te vin nan reyinyon an. Yo te rele manm yo Sen.

Imaj
Oliver teaching the Gospel

Anpil lòt moun te vin nan reyinyon an. Yo pa t manm Legliz la. Oliver Cowdery te anseye yo levanjil Jezikri a. Kèk nan moun yo te kwè Oliver e yo te vle vin manm Legliz la. Yo te batize apre reyinyon an.

Imaj
Newel Knight

Satan pa t vle moun vin manm Legliz la. Satan te eseye fè kèk nan bon moun yo pa santi yo byen. Youn nan moun sa yo se te yon mesye ki te rele Newel Knight. Newel Knight pa t yon manm Legliz la. Satan pa t vle l batize.

Imaj
Newel Knight asked to pray

Joseph te mande Newel pou l fè priyè a nan yon reyinyon. Newel te di li tap priye.

Imaj
Newel Knight struggling to pray

Satan pa t vle Newel obeyi Joseph. Newel te ale nan reyinyon an men li pa t vle priye. Li te di li pè priye fò.

Imaj
Newel Knight trying to pray

Pita Newel Knight te ale nan forè a. Li te vle priye poukont li. Satan pa t vle l priye. Newel te eseye priye, men li pa t ka pale. Li te vin malad. Li te tris e li te pè. Newel te al lakay li.

Imaj
Joseph blessing Newel

Madanm Newel te enkyete anpil pou li. Li te mande Joseph Smith pou l ede Newel. Joseph Smith te sèvi ak pouvwa prètriz li a pou l beni Newel. Apre sa, Newel te santi l byen ankò. Li pa t malad. Li pa t pè. Kè l te kontan. Satan pa t ka fè l anyen. Apre sa, Newel Knight te batize.

Enprime