Scripture Stories
Chapit 30: Yon Revelasyon sou Lagè: 25 Desanm 1832


“Chapit 30: Yon Revelasyon sou Lagè: 25 Desanm 1832,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 117–118

“Chapit 30,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 117–18

Chapit 30

Yon Revelasyon sou Lagè

(25 Desanm 1832)

Imaj
Saints concerned

Anpil moun t ap batize nan Legliz Jezikri a. Levanjil la te fè yo kontan. Men Sen yo te enkyè akòzde sa ki t ap pase nan lòt peyi yo.

Imaj
building collapsing

Gen bagay tris ki t ap pase anpil kote nan mond lan. Te gen tranblemann tè. Te gen moun ki te malad. Te gen anpil moun ki t ap mouri.

Imaj
people disagreeing

Te gen bagay tris ki t ap pase nan Etazini tou. Gen kèk moun ki pa t vle fè pati Etazini. Yo te vle gen pwòp dirijan pa yo.

Imaj
Joseph receiving revelation

Jou Nowèl 1832, Jezi te bay Joseph Smith yon revelasyon. Revelasyon an te pale apwopo lagè.

Imaj
men fighting during Civil War

Jezi te di tap gen yon gè nan Etazini. Moun nan Etazini tap batay youn kont lòt.

Imaj
soldiers

Pita tap vin gen lagè nan lòt peyi. Tap gen batay nan tout mond lan. Jezi te di Sen yo fèt pou yo jis. Yo ta dwe prepare yo pou l ka retounen sou tè a.

Imaj
Joseph Smith pondering

Joseph te tris poutèt li te konnen tap gen lagè. Li te konnen yo ta dwe obeyi kòmandman Bondye yo. Lè sa a, yo pa tap batay epi pa tap gen lagè.

Enprime