Scripture Stories
Chapit 19: Dezyèm Aparisyon Jezikri a


“Chapit 19: Dezyèm Aparisyon Jezikri a,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 70–76

“Chapit 19,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 70–76

Chapit 19

Dezyèm Aparisyon Jezikri a

(Fevriye–Mas 1831)

Imaj
people yelling at the Saints

Gen kèk moun nan Kirtland, Ohio ki te fè manti sou Sen yo. Moun sa yo pa t vle aprann levanjil la.

D&A 45:Prefas

Imaj
Joseph sharing Book of Mormon

Jezi te di Joseph Smith li tap retounen sou tè a anvan lontan. Anvan l vini, chak moun sou tè a dwe tande levanjil la. Sen yo ta dwe travay di pou yo anseye levanjil la. Yo ta dwe fè bon misyonè.

Imaj
Jesus teaching his Apostles

Lè Jezi t ap viv sou tè a, li te di Apot li yo kisa ki tap pase anvan l retounen.

Imaj
signs of the last days

Jezi te di Apot li yo tanp Jerizalèm nan tap detwi. Jwif yo tap gen pou yo viv nan lòt peyi. Yo tap touye anpil Jwif. Tap gen anpil gè. Moun yo pa tap gen lanmou youn pou lòt. Vrè Legliz la pa tap sou tè a.

Imaj
Joseph’s first vision

Apre sa, Papa ki nan Syèl la tap remete vrè Legliz la sou tè a. Levanjil Jezikri a tap tankou yon limyè nan fènwa.

Imaj
soldiers fighting in war

Anpil bagay Jezi te pale deja rive. Li te pale apwopo lòt bagay ki te gen pou pase. Anpil moun ap batay youn kont lòt. Anpil moun ap malad. Ap gen tranbleman tè. Solèy la ap vin fènwa. Lalin ap vin tankou san. Etwal ap tonbe.

D&A 45:26, 29, 31, 33, 42

Imaj
Jews returning to Jerusalem

Lè bagay sa yo rive, moun jis yo ap konnen Jezi pa lwen vini. Y ap vle l vini. Anpil jwif ap retounen Jerizalèm. Y ap tande levanjil la.

Imaj
Saints building New Zion

Sen jis yo ap bati nouvo vil Siyon an. Y ap an sekirite nan Siyon. Y ap kontan anpil. Y ap chante chan kè kontan. Mechan yo pap ka ale nan Siyon.

Imaj
Jesus appearing in cloud

Jezi ap vini sou tè a ankò. Moun jis yo ap wè l. L ap vini nan nyaj klere. Tout moun jis ki mouri yo ap resisite. Y ap rankontre Jezi nan nyaj la. Y ap vin sou tè a avèk li.

Imaj
Jesus coming to Jerusalem

Jezi ap vini nan Jerizalèm. L ap kanpe sou yon mòn lòtbò a. Mòn nan ap fann an de. Tè a ap tranble. Syèl la ap tranble. Mechan yo ap detwi.

Imaj
Jews crying at Jesus’ wounds

Moun Jerizalèm yo ap wè Jezi. Y ap mande; “Ki blesi sa yo ki nan men w ak nan pye w la?” L ap di “Mwen se Jezi yo te krisifye a. Mwen se Pitit Gason Bondye a.” Lè sa a moun yo ap kriye. Y ap santi yo tris poutèt yo te krisifye Jezi a.

Imaj
Jesus living with the Saints

Moun jis yo ap kontan wè Jezi anpil. Tout tè a nèt ap vin pou yo. Yo p ap kite Satan tante yo. Y ap gen fòs. Y ap gen anpil pitit. Pitit yo ap grandi epi y ap obeyi Bondye. Jezi ap viv avèk moun jis yo pandan mil an. Se li k ap wa yo.

D&A 45:56–59

Imaj
missionaries teaching family

Jezi te di Joseh Smith pou l voye misyonè anseye tout moun L ap vini. Li te di Sen yo fèt pou yo prepare yo. Yo ta dwe priye epi jene. Youn ta dwe anseye lòt kòmandman yo.

Imaj
family kneeling in prayer

Jezi te di Sen yo ta dwe eseye vin pi pre l. Epi, l ap vin pre yo. Si Sen yo mande Bondye èd, l ap ede yo.

Imaj
family sharing food

Sen yo ta dwe fè tout sa yo kapab pou yo ede Jezi. Lè moun ede Jezi, yo vin tankou l. Lè sa a, y ap pare pou dezyèm aparisyon l nan.

Enprime