Scripture Stories
Chapit 16: Joseph Smith ak Sidney Rigdon Aprann Konnen sa Siyon ye: 1830


“Chapit 16: Joseph Smith ak Sidney Rigdon Aprann Konnen sa Siyon ye: 1830,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 61–63

“Chapit 16,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 61–63

Chapit 16

Joseph Smith ak Sidney Rigdon Aprann Konnen sa Siyon ye

(1830)

Imaj
missionaries meeting Sidney Rigdon

Pandan Oliver Cowdery ak zanmi l yo t ap fè misyon yo, yo te fè yon rete toupre Kirtland, Ohio. Yo te rankontre yon mesye ki te rele Sidney Rigdon. Se te yon dirijan nan yon lòt legliz.

Imaj
missionaries teaching Sidney Rigdon

Misyonè yo te bay Sidney Liv Mòmon an. Yo te anseye l levanjil la. Sidney Rigdon te li Liv Mòmon an. Li te priye sou li. Papa ki nan Syèl la te di l levanjil la vre. Yo te batize Sidney Rigdon.

Imaj
Sidney Rigdon introducing missionaries

Sidney Rigdon te di manm legliz li a pou yo koute misyonè yo. Anpil ladan yo te batize. Byen vit, mil moun te batize nan Kirtland.

Imaj
men entering water

Sidney Rigdon te vle rankontre Joseph Smith. Li te ale Nouyòk pou l te vizite pwofèt la. Jezi te bay Joseph Smith yon revelasyon pou Sidney Rigdon. Jezi te di Sidney Rigdon tap fè bagay ki enpòtan. Li tap anseye anpil moun levanjil la. Li tap batize yo epi li tap ba yo don Sentespri a.

Imaj
men of old

Jezi te di Joseph ak Sidney gen kèk pati nan la Bib la yo te chanje depi anpil ane. Gen kèk istwa enpòtan ki pa t nan Bib la. Jezi tap di Joseph Smith istwa ki pa t nan Bib la yo. Sidney Rigdon te dwe ekri yo.

Imaj
prophet Enoch with his people

Youn nan istwa yo te pale apwopo Enòk. Enòk se te yon gran pwofèt ki te anseye pèp li a pou yo te jis anpil. Senyè a te rele pèp jis Enòk la Siyon. Pèp Enòk la te bati yon vil. Yo te rele vil la Siyon. Pèp Siyon an te gen lanmou youn pou lòt. Yo youn te pran swen lòt. Pa t gen okenn moun ki te pòv ni tris.

Imaj
Jesus dwelling in city of Zion

Chak moun nan Siyon te obeyi kòmandman Papa ki nan Syèl la. Moun yo te tèlman jis Jezi te vin viv avèk yo. Lè sa a Bondye te mennen pèp Siyon an nan syèl la pou l te viv avèk li.

Imaj
Jesus speaking to Zion

Jezi te di Joseph Smith pou li aprann pèp li a viv nan lajistis. Yo te dwe chèche konstwi yon lòt vil Siyon. Vil la tap bèl. Tout moun la tap renmen Papa ki nan Syèl la. Yo youn tap renmen lòt. Tout moun nan Siyon tap kontan anpil. Jezi tap vin viv avèk yo.

Enprime