Scripture Stories
Mo pou Konnen


“Mo pou Konnen,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 238–42

“Mo pou Konnen,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 238–42

Mo pou Konnen

adopte

Joseph ak Emma Smith te adopte de ti marasa. Joseph ak Emma te fè de ti marasa yo vin fè pati fanmi yo.

alkòl

Byè ak diven gen alkòl ladan yo. Alkòl pa bon pou nou bwè.

zansèt

Zansèt nou yo se moun nan fanmi nou ki te viv anvan nou.

anj

Yon anj se yon moun k ap ede Bondye. Anj Mowoni te pale ak Joseph Smith.

Imaj
angel
Apot

Yon Apot se yon dirijan nan Legliz Jezikri a. Jezi te di Joseph Smith li te bezwen Douz Apot.

te arete

Sòlda yo te arete Joseph Smith. Sòlda yo pran Joseph Smith epi yo te mete l nan prizon.

te atake

Popilas la te atake Sen yo. Popilas la te kòmanse konbat Sen yo.

fon batismo

Gen fon batismo nan legliz ak tanp. Se nan yon fon batismo yo batize moun.

batize

Lè nou vin manm Legliz la, nou batize. Yo plonje nou anba dlo a epi yo leve nou ankò.

bèl

Lè yon bagay bèl, nou renmen wè l. Jaden an bèl. Tanp lan bèl.

kwè

Kwè vle di panse yon bagay se verite. Anpil moun kwè levanjil Jezikri a.

evèk

Yon evèk se yon dirijan nan Legliz la. Dirijan yon pawas se yon evèk.

te akize

Moun yo te akize Joseph Smih pou pwoblèm nan. Moun yo te di se Joseph Smith ki te kòz pwoblèm nan rive.

prete

Lè nou prete yon bagay nou mande yon moun si nou mèt sèvi avèk li.

te prete

Mesye a te prete cheval zanmi l an. Mesye a te mande zanmi l lan si l mèt sèvi avèk cheval li a.

t ap fè dyòlè

Gad yo nan prizon an t ap fè dyòlè konsènan sa yo te fè. Sa te fè kè yo kontan.

pon

Pyonye yo te travèse rivyè a sou yon pon.

klewon

Yon klewon se yon bagay ki tankou yon klaksòn.

Imaj
bugle
bilding

Tanp lan se yon gwo bilding.

te bati

Pyonye yo te bati kay yo ak branch bwa.

te antere

Mowoni te antere plak an nò yo. Li te mete plak yo nan yon twou nan tè a. Li te kouvri yo avèk tè.

kapitèn

Yon kapitèn se yon dirijan. Kapitèn Allen se te chèf sòlda yo.

te kaptire

Sòlda yo te kaptire Joseph Smith. Sòlda yo te pran Joseph Smith e yo pa t vle lage l.

chwa

Papa ki nan Syèl la kite nou fè chwa. Papa ki nan Syèl la kite nou deside sa nou vle fè.

peze kou

Mesye yo te peze kou Joseph Smith.

chwazi

Bondye kite nou chwazi pou nou bon oubyen move. Nou chwazi moun kòm dirijan. Bondye te chwazi Brigham Young pou dirije Sen yo.

kòmandman

Bon moun yo obeyi kòmandman Bondye yo. Bon moun fè sa Bondye vle yo fè.

konferans

Yon konferans se yon gwo reyinyon. Anpil manm Legliz la al nan konferans.

konseye

Konseye yo se moun k ap ede yon dirijan. Pwofèt Legliz la gen konseye.

alyans

Yon alyans se yon pwomès. Nou pwomèt Bondye n ap fè yon bagay. Nou fè yon alyans avèk Bondye.

te kreye

Jezikri te kreye tè a. Jezikri te fè tè a.

plan

Pyonye yo te plante plan. Pyonye yo te plante mayi, pòmdetè, ble, ak lòt bagay.

te travèse

Pyonye yo te travèse rivyè a. Pyonye yo te ale lòtbò rivyè a.

te krisifye

Yo te krisifye Jezi. Yo te touye Jezi. Yo te kloure l sou yon kwa epi yo te pann li sou kwa a jiskaske li te mouri.

Imaj
Jesus was crucified
barikad

Sen yo te mete yon barikad nan rivyè a. Gen yon barikad ki kenbe dlo a.

Imaj
dam
dyak

Tigason kapab dyak lè yo gen 12 an. Dyak kapab distribiye Sentsèn.

te deside

Emma ak Joseph Smith t ap mande tèt yo si yo ta dwe al Pennsilvani oubyen rete nan Nouyòk. Yo te deside ale Pennsilvani.

konsakre

Lè nou konsakre yon bagay, nou beni l pou yo sèvi avèk li pou travay Bondye a. Sen yo te konsakre tanp lan.

detwi

Detwi vle di kraze, boule, oubyen touye. Popilas yo te detwi tanp lan.

disip

Yon disip se yon moun k ap suiv yon lòt moun e k ap eseye fè tankou l.

te divize

Dirijan an te divize tè a. Dirijan te bay chak fanmi yon pati nan tè a.

touche

Touche vle di jwenn yon bagay pou travay ou fè. Mesye yo te travay pou fèmye a. Yo te touche yon ti kòb.

ansyen

Ansyen yo se mesye ki gen Prètriz Mèlkisedèk la.

dotasyon

Yon dotasyon se yon pwomès espesyal oubyen don Bondye bay.

lenmi

Yon lenmi se yon moun ki rayi yon lòt moun. Lenmi Joseph Smith yo t ap chèche touye l.

sove

Sove vle di ale lwen yon moun oubyen yon bagay. Mesye yo t ap chèche sove nan prizon an. Joseph Smith te sove anba popilas la.

mechan

Mechan se yon bagay ki pa bon ditou. Satan se yon espri mechan.

espri mechan

Espri mechan se move espri. Espri mechan yo suiv Satan.

ekskominye

Yo ka ekskominye manm Legliz la ki fè move bagay. Yo pa manm Legliz la ankò.

lafwa

Gen lafwa se espere bagay moun pa wè men ki vre. Nou gen lafwa nan Jezikri. Nou kwè nan li e nou obeyi l.

jene

Jene se rete san manje ni bwè. Moun yo te jene pandan twa jou. Moun yo pa t manje ni bwè anyen pandan twa jou.

pou tout tan

Pou tout tan vle di toujou. Nou ka viv avèk Papa ki nan Syèl la pou tout tan si nou obeyi kòmandman l yo.

padone

Padone vle di bliye move bagay mal yon moun fè. Bondye ap padone nou si nou regrèt move bagay nou fè yo epi nou pa janm fè yo ankò.

rasanble

Rasanble vle di reyini yon sèl kote. Joseph Smith te di Sen yo pou yo rasanble nan Misouri.

don

Don se bagay yo bay moun. Sentespri a bay moun ki jis yo don.

levanjil

Levanjil se sa Jezikri anseye nou pou nou fè. Sen yo kwè levanjil Jezikri a.

gouvènè

Yon gouvènè se dirijan yon eta.

gad

Gad yo t ap veye mesye yo nan prizon an pou yo pa ta ka sove.

geri

Geri vle di fè malad vin refè. Newel Whitney te beni Joseph Smith. Joseph Smith te geri.

onèt

Moun ki onèt yo pa fè manti. Moun ki onèt pa pran bagay ki pa pou yo.

prizon

Yo te met mesye yo nan prizon. Yo te fèmen mesye yo yon jan pou yo pa t ka sove.

Imaj
jail
te vin manm

Moun yo te vin manm Legliz la. Moun yo te batize e yo te vin manm Legliz la.

wayòm

Wayòm selès la se kote Bondye rete a.

lang

Yo rele mo yo sèvi pou ekri oubyen pou pale ak moun lang.

dirije

Dirije moun vle di montre oubyen di yo sa pou yo fè. Pwofèt la ap dirije Legliz la.

chèf

Pwofèt la se dirijan Legliz la.

maryaj

Maryaj se lè moun marye.

marye

Joseph ak Emma te marye. Joseph te mari Emma. Emma te madanm Joseph.

manm

Moun yo te manm Legliz la. Moun yo te batize e yo te fè pati Legliz la.

misyon

Apot la te al fè yon misyon. Apot la te al pale moun apwopo levanjil Jezikri a.

misyonè

Yon misyonè se yon moun ki al fè yon misyon.

mòn

Pyonye yo te fè charyo yo a monte mòn nan.

obeyi

Obeyi vle di fè sa yo di nou pou nou fè. Nou ta dwe obeyi kòmandman Bondye yo.

oseyan

Yon oseyan se yon gwo gwo mas dlo sale.

òdone

Òdone vle di resevwa prètriz la. Joseph Smith te òdone mesye a. Joseph Smith te bay mesye a prètriz la.

bèf

Bèf yo se zannimo.

Imaj
oxen
Patriyach

Yon patriyach bay moun benediksyon espesyal. Papa Joseph Smith te yon patriyach.

pwazon

Pwazon se yon bagay ki ka touye moun si yo manje oubyen bwè l. Popilas la t ap chèche fè Joseph Smith bwè pwazon.

priye

Priye vle di pale ak Papa ki nan Syèl la. Joseph smith te priye Papa ki nan Syèl la. Joseph Smith te pale ak Papa ki nan Syèl la.

priyè

Pyonye yo te fè priyè yo epi yo te al dòmi. Pyonye yo te priye epi yo te al dòmi.

te preche

Joseph Smith te preche moun yo. Joseph Smith te pale ak moun yo e li te ba yo enfòmasyon sou levanjil la.

prezidans

Prezidans Legliz la se prezidan an ak konseye l yo.

prezidan

Yon prezidan se yon dirijan. Prezidan Legliz la se dirijan an.

prètriz

Prètriz la se pouvwa Bondye.

prèt

Prèt yo gen prètriz la. Prèt yo se mesye k ap ede Legliz la.

enprime

Pawòl ki nan liv sa a enprime sou papye.

enprimè

Yon enprimè se yon moun ki enprime liv.

prizon

Yon prizon se yon kote yo mete moun e yo pa ka sòti. Yon prizon se tankou yon kalòj.

pwofèt

Yon pwofèt di moun yo sa Bondye vle pou yo konnen. Joseph Smith te yon pwofèt.

pwoteje

Mesye yo te gen zam pou pwoteje moun yo. Mesye yo te gen zam pou bay moun yo sekirite. Senyè a te pwoteje Joseph Smith. Senyè a te bay Joseph Smith sekirite.

pèdri

Pèdri yo se yon kalite zwazo.

Imaj
quail
repanti

Si nou fè yon move bagay, nou ta dwe repanti. Si nou fè yon bagay ki pa bon, nou ta dwe santi nou regrèt epi pa fè l ankò.

resisite

Jezikri te resisite. Li te mouri. Li vivan ankò. Tout moun ap resisite aprè lanmò yo.

jis

Moun jis yo fè sa ki bon. Yo obeyi kòmandman Bondye yo.

Saba

Saba se jou nou ale Legliz. Nou pa ta dwe travay lè Saba. Dimanch se jou Saba a.

Sentsèn

Nou pran Sentsèn pou nou sonje Jezi. Nou pran pen an ak dlo a pou nou ka sonje Jezi.

Imaj
sacrament tray
sakre

Tanp lan se yon kote ki sakre. Tanp lan se pou Bondye.

Sen

Yon Sen se yon manm Legliz Jezikri a.

sove

Jezi te mouri pou l te ka sove nou. Jezi te mouri pou nou te kapab retounen viv ak Papa ki nan Syèl la.

ekriti sakre

Ekriti sakre yo se liv ki pale nou apwopo Bondye. Bib la, Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans, ak Pèl Gran Pri a se ekriti sakre Legliz la.

pataje

Pataje vle di bay yon moun yon pati nan sa nou genyen.

sòlda

Sòlda se moun k ap konbat nan yon lame.

espri

Yon espri pa gen yon kò chè ak zo.

vòlè

Vòlè vle di pran yon bagay ki pa pou ou. Popilas yo te vòlè zannimo Sen yo. Popilas yo te pran zannimo yo.

soufri

Nou soufri lè nou blese nan kò nou. Joseph Smith ak zanmi l yo te soufri nan prizon.

joure

Joure vle di pou di betiz.

te joure

Gad yo nan prizon an te joure. Gad yo nan prizon an te di betiz.

tach

Tach se yon bagay ki kole di epi ki ka nwa.

tanp

Yon tanp se kay Bondye.

tante

Satan t ap eseye tante nou. Satan t ap chèche fè nou fè bagay ki pa bon.

dim

Dim se lajan nou bay Bondye.

tabak

Gen moun ki fimen e ki chike tabak. Tabak pa bon pou nou.

te tradui

Joseph Smith te tradui Liv Mòmon an an Anglè.

pwoblèm

Pwoblèm se yon move bagay ki rive nou. Sen Nauvoo yo te gen anpil pwoblèm.

laverite

Jezi anseye moun laverite. Jezi anseye moun sa ki bon.

temwayaj

Yon temwayaj se yon bagay ki fè moun santi levanjil la se verite. Mesye a te gen yon temwayaj levanjil la se verite.

trapè

Trapè se moun ki konn chase bèt ki mawon. Yo vann po bèt yo.

vizyon

Yon vizyon se yon bagay Bondye fè nou wè. Joseph Smith te wè Papa ki nan Syèl la ak Jezikri nan yon vizyon.

move

Mesye a te fè move bagay. Mesye te fè bagay ki pa t bon.

temwen

Temwen yo te wè plak an nò yo. Yo te di plak an nò yo te egziste vre.

adore

Adore vle di renmen e obeyi. Satan te vle pou Moyiz adore l. Satan te vle pou Moyiz renmen e obeyi l.

maleng

Se kote kò yon moun blese oubyen koupe.

Enprime