Scripture Stories
Chapit 7: Temwen Wè Plak an Nò yo: 1829–1830


“Chapit 7: Temwen Wè Plak an Nò yo: 1829–1830,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 31–33

“Chapit 7,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 31–33

Chapit 7

Temwen Wè Plak an Nò yo

(1829–1830)

Imaj
Joseph and Oliver

Joseph Smith ak Oliver Cowdery te fin tradui Liv Mòmon an. Jezikri te vle pou moun li Liv Mòmon an. Li te vle yo konnen sa Joseph te di konsènan plak an nò yo se te laverite. Jezi te vle pou moun konnen plak an nò yo te egziste vre.

Imaj
Martin Harris, Oliver Cowdery, and David Whitmer

Joseph Smith se te sèl moun ki te wè plak an nò yo. Jezi te chwazi twa lòt mesye ki te gen pou wè plak an nò yo. Yo te rele mesye sa yo temwen. Se te Martin Harris, Oliver Cowdery, ak David Whitmer.

D&A 17:1

Imaj
angel with the gold plates

Joseph te mennen twa temwen yo nan forè a. Yo te priye. Yon anj te vin montre yo plak an nò yo. Li te montre yo sa ki te ekri sou plak yo. Jezi te di twa temwen yo pou yo ekri sou bagay yo te wè yo.

Imaj
Joseph, Martin, Oliver and David

Joseph te kontan anpil. Twa temwen yo tap di lòt moun yo plak an nò te egziste vre. Kounyeya moun tap konnen Joseph te di laverite konsènan plak yo.

Imaj
eight witnesses

Jezi te di Joseph pou l montre uit lòt temwen plak yo. Uit mesye yo te kenbe plak an nò yo nan men yo. Yo te wè sa ki te ekri sou plak yo.

Imaj
witness writing letter

Tout temwen yo te ekri konsènan plak an nò yo. Yo te di yo te wè plak yo. Yo te di plak an nò yo te egziste vre. Pawòl temwen yo te ekri yo nan Liv Mòmon an.

Imaj
Joseph giving Moroni gold plates

Joseph Smith te tradui plak yo. Temwen yo te wè yo. Joseph pa t bezwen plak an nò yo ankò. Anj Mowoni te vin kot Joseph. Joseph te remèt Mowoni plak an nò yo.

Imaj
printing the Book of Mormon

Liv Mòmon an te pare pou yo enprime l. Joseph te pote l bay yon enprimè. Joseph pa t gen kòb pou l peye enprimè a. Martin Harris te gen anpil lajan. Jezi te di Martin Harris ta dwe pran nan kòb li a pou peye enprimè a.

Imaj
wicked men

Satan pa t vle Liv Mòmon an enprime. Li pa t vle moun li l. Mechan yo t ap chèche bloke travay enprimè a.

Imaj
man stealing pages of book

Enprimè a pa t travay lè dimanch. Gen yon mechan ki te konn ale nan enprimri a lè dimanch. Li te vòlè kèk paj nan Liv Mòmon an. Li te pibliye paj yo nan yon jounal. Gen bon moun ki te fè l sispan vòlè paj yo.

Imaj
printer with finished book

Jezi te vle pou moun li Liv Mòmon an. Mechan yo pa t ka bloke travay Jezi a. Mechan yo pa t ka bloke enprimè a. Alafen, Liv Mòmon an te enprime. Lè sa a, anpil moun te ka li l. Yo te kapab aprann levanjil Jezikri a.

Enprime