Scripture Stories
Chapit 57: Yon Nouvo Dirijan pou Legliz la: Jiyè–Out 1844


“Chapit 57: Yon Nouvo Dirijan pou Legliz la: Jiyè–Out 1844,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 206–8

“Chapit 57,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 206–8

Chapit 57

Yon Nouvo Dirijan pou Legliz la

(Jiyè–Out 1844)

Imaj
Saints speaking together

Pwofèt Joseph Smith te mouri. Legliz la pa t gen yon Prezidan. Sen yo pa t konnen kimoun ki ta dwe dirije yo.

Imaj
Apostles serving missions

Pifò Apot yo t ap fè misyon byen lwen.

Imaj
Sidney Rigdon leaving Nauvoo

Sidney Rigdon se te konseye Joseph Smith. Men li pa t obeyi Senyè a. Li te al rete lwen Nauvoo.

Imaj
Sidney Rigdon returning to Nauvoo

Sidney Rigdon te pran nouvèl lanmò Pwofèt la. Li te retounen Nauvoo. Li te vle dirijan Legliz la.

Imaj
Apostle returning from mission

Brigham Young ak lòt Apot yo te retounen sot fè misyon. Se Brigham Young ki te alatèt Apot yo. Li te di Apot yo ta dwe dirije Legliz la jiskaske yo te chwazi yon nouvo Prezidan.

Imaj
Sidney Rigdon speaking loudly

Manm Legliz la yo te fè yon reyinyon. Sidney Rigdon te pale avèk yo. Li te di se li ki pou dirije Legliz la.

Imaj
Brigham Young appearing as Joseph

Apre sa, Brigham Young te pale. Li te di se Apot yo ki pou dirije Legliz la. Sentespri a te avèk li. Vwa Brigham Young te sonnen tankou vwa Joseph Smith. Pandan kèk minit, li te sanble avèk Joseph Smith. Moun yo te konnen se Apot yo Bondye te chwazi pou dirije Legliz la. Sidney Rigdon te fache. Li te tounen lakay li. Li te kòmanse legliz pa l. Li pa t manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ankò.

Enprime