Scripture Stories
Chapit 31: Pawol Sajès la: Fevriye 1833


“Chapit 31: Pawol Sajès la: Fevriye 1833,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 119–22

“Chapit 31,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 119–22

Chapit 31

Pawol Sajès la

(Fevriye 1833)

Imaj
Joseph at School of the Prophets

Joseph Smith te kòmanse yon lekòl gason nan Legliz la. Li te rele Lekòl Pwofèt yo.

Imaj
Joseph teaching the School of the Prophets

Lekòl la te nan yon sal nan magazen Newel Whitney nan Kirtland, Ohio. Joseph te bay mesye yo ransèyman sou Legliz la. Li te ba yo ransèyman sou prètriz la ak ekriti yo.

Imaj
brethren using tobacco

Anpil nan mesye yo te konn fimen pip oubyen siga. Sal la te ranpli avèk lafimen. Gen kèk nan mesye yo ki te konn chike tabak. Atè a te vin sal. Sal la te bezwen netwaye lè mesye yo te al lakay yo.

Imaj
Joseph concerned

Madanm Joseph la, Emma, te gen pou l netwaye sal la apre chak reyinyon. Joseph t ap mande si lèzòm ta dwe fimen oubyen chike tabak.

Imaj
Joseph praying

Joseph te priye e li te mande Bondye kisa ki te kòrek. Jezi te bay Joseph yon revelasyon. Yo te rele l Pawòl Sajès la. Jezi te di gen kèk moun ki fè move bagay. Yo vle lòt moun fè bagay ki pa bon pou kò yo. Nan Pawòl Sajès la, Jezi te pale Sen yo apwopo bagay ki bon pou kò yo. Li te pale apwopo bagay ki pa bon pou kò yo. Sen yo tap beni si yo te obeyi Pawòl Sajès la.

Imaj
young man avoiding alcohol

Jezi te di alkòl pa bon pou moun. Yo pa ta dwe pran bwason ki gen alkòl ladan yo. Alkòl ta dwe sèvi sèlman sou deyò kò a.

Imaj
woman refusing cigarettes

Jezi te di moun pa ta dwe sèvi ak tabak. Yo pa ta dwe fimen sigarèt, siga, ni pip. Yo pa ta dwe chike tabak. Jezi te di, “Tabak pa fèt pou kò moun e li pa bon pou lòm.”

Imaj
person refusing coffee

Jezi te di Sen yo pa ta dwe bwè bwason ki cho. Te ak kafe se bwason fò. Yo pa bon pou kò moun.

Imaj
family praying over dinner

Jezi te di anpil plant ak zannimo bon pou moun manje. Moun ta dwe di Papa ki nan Syèl la mèsi pou bon manje yo.

Imaj
healthy food

Jezi te di moun pa ta dwe manje twòp vyann. Moun ta dwe manje vyann lè tanperati a frèt. Yo ta dwe manje vyann lè pa gen ase lòt manje.

Imaj
mother and son preparing bread

Senyè a te di tout grenn bon pou kò nou. Pami grenn yo gen ble, diri, mayi, ak avwàn. Ble bon pou nou anpil. Tout fwi ak legim bon pou moun.

Imaj
family playing together

Jezi te di Sen yo dwe obeyi Pawòl Sajès la. Lè sa a, Bondye tap beni yo. Yo tap gen bon sante. Yo tap saj. Yo tap kapab aprann anpil bagay. Yo tap beni si yo te manje bon manje.

Enprime