Scripture Stories
Chapit 26: Twa Wayòm yo ki nan Syèl la: 16 Fevriye 1832


“Chapit 26: Twa Wayòm yo ki nan Syèl la: 16 Fevriye 1832,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 97–103

“Chapit 26,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 97–103

Chapit 26

Twa Wayòm yo ki nan Syèl la

(16 Fevriye 1832)

Imaj
Joseph and Sidney

Yon jou Joseph Smith ak Sidney Rigdon t ap li Nouvo Testaman an. Nouvo Testaman an te di bon moun yo ale nan syèl lè yo fin resisite. Joseph t ap mande si tout moun ale menm kote nan syèl la. Joseph ak Sidney te priye. Yo te mande Papa ki nan Syèl la pou l pale yo apwopo Syèl la.

D&A 76:Prefas

Imaj
Heavenly Father and Jesus

Papa ki nan Syèl la te reponn priyè yo a. Yo te fè yon revelasyon. Se te yon bèl vizyon. Nan vizyon an Joseph ak Sidney te wè syèl la. Yo te wè Jezi ak yon limyè ki te antoure l. Lè sa a, yo te wè anj ki te antoure Jezi ak Papa ki nan Syèl la.

D&A 76:Prefas, 19–21

Imaj
Joseph and Sidney

Joseph ak Sidney te di Jezi vivan. Yo te wè l! Joseph ak Sidney te tande yon vwa. Vwa a te di Jezi se Pitit Gason Bondye a. Li te vini sou tè a. Jezi te montre tout moun kijan pou yo viv pou yo ka retounen bò kot Papa ki nan Syèl la.

Imaj
Heavenly Father and Jesus

Apre sa a, Joseph ak Sidney te wè kibò moun ale apre rezirèksyon yo. Gen twa kote pou moun ale nan syèl la. Sen jis yo ale nan wayòm selès syèl la apre rezirèksyon yo. Wayòm selès la se kote Papa ki nan Syèl la ak Jezi ap viv la.

Imaj
man baptizing woman

Sen jis yo te gen lafwa nan Jezi lè yo t ap viv sou tè a. Yo te batize. Sentespri te montre yo kijan pou yo viv.

Imaj
threatening mob

Sen jis yo te gen anpil pwoblèm, men yo te gen lafwa. Jezi te ede yo lè yo te gen pwoblèm. Yo te travay di. Yo te repanti epi yo te obeyi tout kòmandman Bondye yo. Satan te tante yo, men yo pa t suiv Satan.

Imaj
faithful Saints with Jesus and Heavenly Father

Sen jis yo ap vin tankou Papa ki nan Syèl la ak Jezi. Y ap konnen tout bagay. Y ap pafè. Y ap vin tounen dye.

Imaj
people in terrestrial kingdom

Apre sa, Joseph ak Sidney te wè yon lòt kote. Li rele wayòm terès syèl la. Gen moun ki pral nan wayòm terès apre rezirèksyon yo.

Imaj
people on wagon

Moun ki nan wayòm terès la te bon moun sou tè a. Men yo pa t Sen jis. Yo pa t gen lafwa nan Jezi. Yo te obeyi kèk nan kòmandman Bondye yo. Men yo pa t obeyi tout kòmandman yo.

Imaj
people rejecting missionaries

Yo pa t kwè nan levanjil la lè yo te tande l sou tè a. Yo te kwè nan levanjil apre yo te fin mouri.

Imaj
man and wife reaching out to Jesus

Moun ki nan wayòm terès yo ap wè Jezi. Men yo p ap ka viv avèk Papa ki nan Syèl la ni avèk Jezi. Yo p ap vin tounen dye.

Imaj
people in telestial kingdom

Joseph ak Sidney te wè yon twazyèm kote. Li rele wayòm telès syèl la. Moun ki ale nan wayòm telès pa t jis sou tè a.

Imaj
mob surrounding Joseph

Moun sa yo pa t kwè nan Jezi. Yo pa t kwè pwofèt yo. Yo pa t batize. Yo pa t obeyi kòmandman Bondye yo.

Imaj
angels visiting telestial kingdom

Moun ki ale nan wayòm telès la pa ka wè Jezi ni Papa ki nan Syèl la. Gen anj k ap vizite yo. Sentespri a ap anseye yo. Yo p ap janm ka viv avèk yo. Moun ki nan wayòm telès la ap gen enfòmasyon sou Jezi ak Papa ki nan Syèl la. Men yo p ap janm ka viv avèk yo.

Imaj
Jesus coming to the earth

Moun ki ale nan wayòm selès ak terès yo ap resisite lè Jezi retounen. Moun ki ale nan wayòm telès yo p ap resisite lè Jezi retounen. Yo dwe tann mil an pou yo resisite.

Imaj
people suffering

Joseph ak Sidney te wè kibò mechan yo ale. Y ap avèk Satan. Yo p ap kapab avèk Papa ki nan Syèl la, ni avèk, Jezi, ni Sentespri a.

Imaj
members denying Holy Ghost

Moun k ap avèk Satan yo te aprann levanjil la lè yo te sou tè a. Sentespri a te pale yo apwopo Jezi.

Imaj
man hitting another man with club

Yo te konnen Jezi te viv. Yo te konnen Jezi te mouri pou nou. Men Satan te tante moun sa yo. Li te eseye fè yo fè move bagay. Yo te obeyi Satan. Yo te sispann koute Sentespri a. Yo te sispann kwè nan Jezi. Yo te vin mechan anpil. Y ap viv avèk Satan pou tout tan.

Imaj
Joseph and Sidney thanking God

Joseph ak Sidney te wè lòt bagay nan vizyon yo a. Jezi te di yo pou yo ekri tout sa yo te wè. Sen jis anpil yo kapab wè bagay sa yo poukont yo. Sentespri a ap anseye yo. Joseph ak Sidney te di Bondye mèsi pou bèl vizyon sa a.

Enprime