Scripture Stories
Kote pou Konnen


“Kote pou Konnen,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 243–44

“Kote pou Konnen,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 243–44

Kote pou Konnen

Adan-ondi-Ahman

Adan-ondi-Ahman se nan eta Misouri. Jezi te vizite Adam la nan tan lontan.

Amerik

Amerik se tè kote moun ki nan Liv Mòmon an t ap viv nan tan lontan.

Arizona

Arizona se nan pati lwès Etazini. Brigham Young te voye Sen bati vil nan Arizona.

Kalifòni

Kalifòni se nan pati lwès Etazini. Brigham Young te voye Sen bati vil nan Kalifòni.

Carthage

Carthage se yon vil nan eta Illinois. Se nan Prizon Carthage la yo te touye Joseph ak Hyrum Smith.

Wayòm selès syèl la

Wayòm selès syèl la se kote Papa ki nan Syèl la ak Jezikri ap viv. Se la Sen ki jis yo ap viv la lè yo fin resisite.

Colorado

Colorado se yon eta nan pati lwès Etazini.

Council Bluffs

Council Bluffs se te yon vil nan plenn Etazini yo.

Tè a se kote n ap viv kounyeya. Se Jezikri ki te fè tè a.

Ejip

Ejip se peyi kote Abraam ak Moyiz te viv nan tan lontan.

Far west

Far West se te yon vil nan eta Misouri. Sen yo te viv nan Far West pandan yon ti tan.

Fayette

Fayette se yon vil nan eta Nouyòk. Se nan Fayette Joseph Smith te kòmanse Legliz la.

Jaden Jetsemane

Jaden Jetsemane toupre Jerizalèm. Jezi te soufri epi li te bay san l pou nou nan Jaden Jetsemane a.

Great Salt Lake Valley

Great Salt Lake Valley se nan pati lwès Etazini.

Harmony

Harmony se yon vil kote Joseph Smith te viv nan Pennsilvani.

Haun’s Mill

Haun’s Mill se te yon vil nan eta Misouri. Yon popilas te touye anpil Sen nan Haun’s mill.

syèl

Syèl la se kote Papa ki nan Syèl la ak Jezikri rete. Nou te viv nan syèl la anvan nou te vini sou tè a.

Hill Cumorah

Hill Cumorah te toupre kay Joseph Smith nan eta Nouyòk. Yo te antere plak an nò yo nan Hill Cumorah.

Idaho

Idaho se nan pati lwès Etazini. Brigham Young te voye Sen yo bati vil nan Idaho.

Illinois

Illinois se yon eta nan Etazini. Nauvoo ak Carthage se vil nan Illinois.

Endepandans

Endepandans se yon vil nan Jackson County, Misouri. Jezi te di vil Siyon an tap bati toupre Endepandans.

Izrayèl

Izrayèl se peyi kote anpil jwif yo viv.

Jackson County

Jackson County se nan eta Misouri. Popilas yo te fè Sen yo kite Jackson County.

Jerizalèm

Jerizalèm se yon vil an Izrayèl. Jezi prale Jerizalèm lè li retounen sou tè a.

Kirtland

Kirtland se yon vil nan eta Ohio. Sen yo te bati yon tanp nan Kirtland.

Liberty

Liberty se yon vil nan Misouri. Joseph Smith te nan Prizon Liberty a.

Rivyè Misisipi

Rivyè Misisipi a toupre vil Nauvoo. Sen yo te travèse Rivyè Misisipi a lè yo te kite Nauvoo.

Misouri

Misouri se yon eta nan Etazini. Endepandans se yon vil nan Misouri.

Nauvoo

Nauvoo se yon vil nan eta Illinois. Sen yo te abite Nauvoo e yo te bati yon tanp la.

Nouyòk

Nouyòk se yon eta nan Etazini. Se nan Nouyòk Hill Cumorah ye. Se nan Nouyòk Fayette ye.

Ohio

Ohio se yon eta nan Etazini. Kirtland se yon vil nan Ohio.

Oseyan Pasifik

Oseyan Pasifik la sou bò lwès Etazini. Batayon Mòmon an te mache jiska Oseyan Pasifik la.

Palestin

Palestin se peyi kote Izrayelit yo te viv.

Palmyra

Palmyra se vil nan Nouyòk kote Joseph Smith te grandi.

Pennsilvani

Pennsilvani se yon eta nan Etazini. Se nan Pennsilvani Emma Smith ak fanmi l te rete.

Pueblo

Pueblo se yon vil nan eta Colorado. Mesye nan Batayon Mòmon yo te kite fanmi yo nan Pueblo.

Quincy

Quincy se yon vil nan eta Illinois.

Montay Wòch yo

Montay Wòch yo nan pati lwès Etazini. Pyonye yo te travèse Montay Wòch yo epi yo te antre Great Salt Lake Valley.

Salt Lake City

Se pyonye yo ki te bati Salt Lake City. Li nan Great Salt Lake Valley.

wayòm telès syèl la

Moun ki pa bon sou tè a ap viv nan wayòm telès syèl la lè yo fin resisite.

wayòm terès syèl la

Moun ki bon men ki pa obeyi tout kòmandman Bondye yo sou tè a ap viv nan wayòm terès syèl la lè yo fin resisite.

Etazini

Etazini se yon peyi nan pati Nò Amerik la. Se nan Etazini Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te kòmanse.

Utah

Se yon eta nan Etazini. Se nan Utah Salk Lake City ye.

Vermont

Vermont se yon eta nan Etazini. Se nan Vermont Joseph Smith te fèt.

Winter Quarters

Winter Quarters se te yon vil ki te nan plenn Etazini yo.

Wyoming

Wyoming se yon eta nan pati Lwès Etazini. Brigham Young te voye Sen bati vil nan Wyoming.

Siyon

Siyon se te yon vil Enòk te bati. Yon jou ap gen yon lòt vil k ap rele Siyon. L ap nan Jackson County, Misouri.

Enprime