Istwa nan Ekriti yo
Chapit 9: Vrè Legliz Jezikri a: 6 Avril 1830


“Chapit 9: Vrè Legliz Jezikri a: 6 Avril 1830,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 40–42

“Chapit 9,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 40–42

Chapit 9

Vrè Legliz Jezikri a

(6 Avril 1830)

Imaj
Joseph receiving revelation

Joseph Smith t ap viv nan yon ti vil ki rele Fayette. Fayette te nan eta Nouyòk. Jezikri te di Joseph li te lè pou vrè Legliz la retounen sou tè a. Jezi te mande Joseph pou l kòmanse Legliz la.

Imaj
Joseph instructing Church leaders

Joseph Smith te obeyi. Le 6 avril 1830, li te fè yon reyinyon. Gen senk mesye ki te vin nan reyinyon an pou ede Joseph kòmanse Legliz la. Mesye yo se te Oliver Cowdery, Hyrum Smith, Samuel Smith, David Whitmer, ak Peter Whitmer. Yo tout te batize. Gen lòt moun ki te vin asiste reyinyon an.

Imaj
Joseph ordaining elder

Mesye yo te priye Papa ki nan Syèl la. Joseph te òdone Oliver yon ansyen nan Legliz la. Apre sa, Oliver te òdone Joseph.

Imaj
Joseph blessing sacrament

Joseph ak Oliver te beni Sentsèn nan. Yo te bay mesye yo l.

Imaj
Joseph confirming members

Joseph ak Oliver te met men yo sou tèt chak mesye yo. Yo te konfime mesye yo kòm manm Legliz Jezikri a. Yo te bay mesye yo don Sentespri a. Yo te di Bondye mèsi.

Imaj
man bearing testimony

Jezi te bay Joseph Smith yon revelasyon nan reyinyon an. Jezi te di Joseph se te yon pwofèt.

Imaj
Joseph receiving revelation

Lè yon pwofèt pale, li pale pou Jezi. Manm legliz la ta dwe koute pwofèt la. Yo ta dwe obeyi l.

Imaj
Joseph baptizing his mother

Apre reyinyon an, anpil moun te batize. Yo te batize manman ak papa Joseph Smith. 6 avril 1830 se te yon gwo jou. Vrè Legliz Jezikri a te sou tè a ankò.

Enprime