Istwa nan Ekriti yo
Chapit 61: Batayon Mòmon an: Jen 1845–Jiyè 1847


“Chapit 61: Batayon Mòmon an: Jen 1845–Jiyè 1847,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 218–22

“Chapit 61,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 218–22

Chapit 61

Batayon Mòmon an

(Jen 1845–Jiyè 1847)

Captain James Allen

Sen yo te nan Council Bluffs. Yon kapitèn nan Lame Etazini an te vin kote Brigham Young. Li te rele Kapitèn Allen.

Brigham Young speaking to James Allen

Kapitèn Allen te di Prezidan Etazini an te vle pou senksan zòm antre nan lame a. Brigham Young te di Sen yo t ap fè sa prezidan an te vle a.

Captain Allen meeting the Saints

Kapitèn Allen te pale ak mesye yo e senksan ladan yo te antre nan lame. Yo te rele yo Batayon Mòmon an. Pafwa yo rele manm Legliz la Mòmon paske yo kwè nan Liv Mòmon an.

Brigham Young speaking to Mormon Battalion

Brigham Young te di mesye yo se yo ki dwe pi bon sòlda nan lame a. Yo ta dwe pote Bib la ak Li Mòmon an. Yo fèt pou yo gen lòd, pou yo pwòp, epi poli. Yo pa ta dwe fè sèman ni jwe kat. Brigham Young te di mesye yo pou yo obeyi kòmandman Bondye yo. Lè sa a, yo pa tap gen pou yo touye okenn moun.

Mormon Battalion leaving their families

Batayon Mòmon an te ale avèk Kapitèn Allen. Sen yo te tris lè yo te wè yo prale. Sen yo te bezwen tout mesye yo pou ede yo ale nan lwès. Yo pa t vle pou mesye yo te ale nan batay. Men yo te konnen yo tap peye sòlda yo. Kòb la tap ede Sen yo.

some families going with battalion

Batayon Mòmon an te vwayaje al nan sid. Kèk nan fanmi sòlda yo te ansanm avèk Batayon Mòmon an. Vwayaj la pa t fasil pou moun yo. Yo te oblije fè wout la apye nèt.

battalion suffering harsh conditions

Wout yo pa t bon menm. Pafwa charyo te kole nan sab fon an. Pa t gen dlo pou yo bwè. Pa t gen pyebwa kote mesye yo ta ka fè yon ti repoze nan lombray. Gen kèk moun ki te vin malad. Se moun malad yo sèlman ki te kapab mache nan charyo yo.

some soldiers going to Colorado

Kapitèn Allen te pran desizyon pou l fè sòlda ki malad yo rete nan Colorado. Yo te rete nan yon vil ki rele Pueblo. Yo te peye sòlda yo poutèt yo te nan lame a. Kèk nan sòlda malad yo te voye kòb bay fanmi yo nan Council Bluffs. Yo te voye kòb pou moun malere Nauvoo yo ak misyonè yo.

soldiers digging for water

Sòlda nan Batayon an te kontinye mache. Pafwa yo pa t konn kibò yo t ap prale. Yo te oblije fouye nan sab la pou yo te ka jwenn dlo. Dlo a te gen move gou. Sòlda yo pa t gen ase manje. Pa t gen bwa pou fè dife. Mesye yo te oblije boule move zèb.

soldier trading with Native Americans

Sòlda yo te rankontre Endyen ak lòt moun ki te gen manje. Sòlda yo pa t gen kòb pou yo achte manje. Yo te bay Endyen yo kèk nan rad yo. Endyen yo te ba yo manje.

battalion pulling wagons with ropes

Batayon Mòmon an te vwayaje al nan lwès. Yo te rive nan yon seri mòn ki te apik anpil. Mesye yo te oblije mare kòd nan charyo yo epi rale yo monte nan mòn yo. Apre sa yo te kite charyo yo desann sou lòt bò a.

wild bulls attacking soldiers

Yon jou sòlda yo te wè kèk toro bèf. Bèf yo te atake sòlda yo. Sòlda yo te batay ak bèf yo. Alafen yo te chase bèf yo. Gen yon mesye ki te blese. Li pa t ka mache lontan.

battalion reaching Pacific Ocean

Alafen Batayon Mòmon an te rive nan Oseyan Pasifik la. Se te le 29 janvye 1847. Mesye yo te fatige anpil. Rad yo te chire. Yo te kontan mach long yo a te fini.

soldiers being paid money

Yo te peye Sòlda yo poutèt yo nan lame a. Yo pa t oblije rete nan lame ankò. Yo te kapab al jwenn fanmi yo lakay yo.

soldier returning to his family

Kèk nan mesye yo te rete nan Kalifòni. Pifò ladan yo te ale nan Montay Wòch yo pou yo te kapab avèk lòt Sen ki te soti Council Bluffs yo.