Scripture Stories
Chapit 3: Anj Mowoni ak Plak an nò yo: 1823–1827


“Chapit 3: Anj Mowoni ak Plak an nò yo: 1823–1827,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 13–16

“Chapit 3,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 13–16

Chapit 3

Anj Mowoni ak Plak an nò yo

(1823–1827)

Imaj
17-year-old Joseph praying

Twazan te pase apre premye vizyon Joseph la. Li te gen disètan. Joseph t ap panse kisa Bondye te vle pou l fè. Yon nuit Joseph te priye. Lafwa l te pèmèt li konnen Bondye tap di l kisa pou l fè.

Imaj
angel Moroni appearing to Joseph

Joseph te wè yon limyè klere nan chanm li a. Te gen yon anj ki te kanpe nan limyè a. Figi anj lan te klere anpil. Li te gen yon bèl rad blan sou li.

Imaj
angel Moroni

Anj lan te di li rele Mowoni. Bondye te voye l pale ak Joseph. Mowoni te di Bondye gen yon travay pou Joseph fè pou li.

Imaj
Christ appearing to Nephites

Anj Mowoni te pale Joseph apwopo yon liv. Se te yon liv ki te pale apwopo moun ki te nan Amerik la nan tan lontan. Jezikri te ale kote moun sa yo. Li te anseye yo levanjil li a.

Imaj
gold plates

Mowoni te di liv la te ekri sou paj an nò. Yo te rele paj an nò yo plak. Liv la te ekri nan yon lang nou pa konnen jounen jodi a. Bondye te vle pou Joseph tradui liv la. Joseph te gen pou li tradui l an anglè.

Imaj
Hill Cumorah

Anj Mowoni te di yo te sere plak yo nan yon mòn toupre kay Joseph. Yo te sere yo anba tè. Mowoni te di yo te sere de wòch ansanm avèk plak an nò yo. Yo te rele wòch yo Ourim ak Tourim. Se wòch yo ki tap ede Joseph tradui liv la.

Imaj
Prophet Elijah

Mowoni te pale Joseph apwopo Eli. Eli se te yon gran pwofèt ki te viv nan tan lontan. Eli te gen prètriz la. Se nan Ansyen Testaman istwa Eli a ye. Mowoni te di Eli tap retounen sou tè a. Eli tap di moun yo pou yo chèche enfòmasyon sou zansèt yo. Zansèt se manm nan fanmi nou ki te viv anvan nou.

Imaj
family in front of temple

Mowoni te pale Joseph apwopo prètriz la. Prètriz la se pouvwa Bondye. Mowoni te di Eli tap retabli pouvwa prètriz la sou tè a. Pouvwa prètriz la tap ede fanmi jis yo. Yo tap kapab sele. Apre sa yo tap kapab viv ansanm pou tout tan. Mowoni te ale.

Imaj
Moroni appearing to Joseph

Anj Mowoni te retounen defwa ankò nuit sa a. Li te di Joseph anpil bagay chak fwa yo. Lè l te ale li te gen tan fin jou. Joseph te leve e li te al travay ak papa l nan fèm nan.

Imaj
Moroni and Joseph

Joseph te twò fatige pou l travay. Li te tonbe. Mowoni te vini ankò pandan Joseph te kouche. Joseph te di papa l bagay Mowoni te anseye l yo. Papa Joseph te kwè l. Li te konnen se Bondye ki te voye Mowoni. Li te di Joseph pou l obeyi Mowoni.

Imaj
Joseph uncovering gold plates

Joseph te al chèche plak an nò yo. Li te ale sou yon mòn bò lakay li. Se te Hill Cumorah. Se la plak an nò yo te ye. Yo te sere anba yon gwo wòch. Yo te nan yon bwat an wòch. Ourim ak Tourim lan te nan bwat la tou.

Imaj
Moroni stopping Joseph from removing plates

Anj Mowoni te vin kot Joseph. Li pa t vle kite Joseph pote plak an nò yo lakay li. Li te di Joseph pou l ale sou mòn nan menm jou a chak ane pandan katran.

Imaj
Moroni standing before Joseph

Joseph te obeyi Mowoni. Li te ale sou Hill Cumorah a chak ane. Se la Mowoni te anseye l. Mowoni te pale Joseph apwopo vrè Legliz Jezikri a. Jezi te vle rekòmanse Legliz li a sou tè a.

Imaj
Moroni delivering plates to Joseph

Mowoni te bay Joseph plak an nò yo an 1827. Joseph te tann katran pou l jwenn plak yo. Mowoni te di Joseph pou l byen pran swen plak yo.

Imaj
Joseph hiding the plates

Joseph te pote plak yo lakay li. Li te vle pran swen yo byen. Gen mechan ki t ap chèche pou yo vòlè yo. Joseph te sere plak an nò yo kote mechan yo pa t ka jwenn yo. Bondye te ede Joseph gade plak an nò yo an sekirite.

Enprime