Scripture Stories
Chapit 41: Pwoblèm nan Kirtland: 1837


“Chapit 41: Pwoblèm nan Kirtland: 1837,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 158–60

“Chapit 41,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 158–60

Chapit 41

Pwoblèm nan Kirtland

(1837)

Imaj
family

Sen yo nan Kirtland, Ohio, te kontan. Senyè a te beni yo.

Imaj
elder preaching gospel

Gen kèk ansyen ki te kite Kirtland. Yo te al anseye moun levanjil la. Anpil moun te koute ansyen yo epi yo te vin manm Legliz la.

Imaj
people at bank in Kirtland

Apre sa, pwoblèm te kòmanse nan Kirtland. Sen yo te gen yon bank. Yo te mete lajan yo nan bank lan.

Imaj
man stealing money from bank

Kèk nan Sen yo te vle gen anpil lajan. Gen yon mesye ki t ap travay nan bank lan ki pa t onèt. Li te volè nan kòb yo.

Imaj
men experiencing sorrow

Joseph Smith te di lòt mesye yo pou yo byen jere kòb yo. Men mesye yo pa t obeyi Joseph. Bank lan te oblije fèmen. Tout kòb te disparèt. Sen yo pa t ka jwenn kòb yo ankò.

Imaj
angry Saints

Anpil Sen te fache anpil. Yo te di bank lan ki fèmen an se fòt Joseph Smith. Kèk nan pi bon zanmi Joseph yo te di move bagay sou li. Kèk ladan yo te vle touye l.

Imaj
leaders leaving the Church

Kèk nan dirijan Legliz la te fache anpil. Yo pa t vle rete manm Legliz la ankò. Yo te vin tounen lenmi Legliz la. Yo te mechan. Joseph Smith te tris anpil.

Imaj
Brigham Young speaking to people

Gen lòt dirijan Legliz ki te renmen Joseph e ki te ede l. Yo te konnen Legliz Jezikri a te vrè. Brigham Young se youn nan dirijan ki te jis yo. Brigham te di Sen yo li te konnen Joseph Smith se te yon pwofèt Bondye.

Lenmi Legliz la yo te fache kont Brigham Young. Li te oblije kite Kirtland pou yo te ka pa fè l anyen.

Imaj
mobs attacking members in Kirtland

Lenmi Legliz la yo te bay anpil pwoblèm nan Kirtland. Yo te al fè move bagay nan tanp lan.

Imaj
mobs arguing about Joseph

Tanp lan pa t sakre ankò. Li pa t kapab Kay Senyè a ankò. Joseph te tris paske moun t ap fè move bagay. Li te regrèt te gen tout pwoblèm sa yo.

Enprime