Istwa nan Ekriti yo
Moun pou Konnen


“Moun pou Konnen,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 245–46

“Moun pou Konnen,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 245–46

Moun pou Konnen

AbraamAbraam se te yon pwofèt ki te viv nan tan lontan. Istwa Abraam nan Ansyen Testaman an ak nan Pèl Gran Pri a.

Bennett, John C.John C. Bennett te majistra Nauvoo. Li pa t renmen Joseph Smith.

Benson, Ezra TaftEzra Taft Benson se trèzyèm prezidan Legliz la. Li se yon Apot epi tou yon pwofèt.

Frè AllenFrè Allen te yon manm Legliz la yo te kouvri ak goudwon ak plim nan Misouri.

Kapitèn AllenKapitèn Allen te yon kapitèn nan Lame Etazini. Li te mande mesye Legliz la pou yo antre nan Batayon Mòmon an.

Copley, LemanYon manm nan Legliz nan Kirtland, Ohio, ki pa t vle pataje tè l ak lòt manm yo.

Cowdery, OliverOliver Cowdery te ede Joseph Smith tradui plak an nò yo. Li te travay anpil pou ede Legliz Jezikri a.

ElyasElyas te bay Joseph Smith ak Oliver Cowdery pouvwa espesyal nan prètriz la nan Tanp Kirtland la.

EliEli te yon pwofèt ki te viv nan tan lontan. Li te bay Joseph Smith ak Oliver Cowdery yon pouvwa espesyal nan prètriz la nan Tanp Kirtland la.

EnòkEnòk te yon pwofèt ki te viv nan tan lontan. Se li ki te bati vil Siyon. Istwa Enòk nan Pèl Gran Pri a.

BondyePapa ki nan Syèl la, Jezikri, ak Sentespri, yo tout se Bondye. Yo tout gen gwo pouvwa.

Gouvènè BoggsGouvènè Boggs te gouvènè Misouri. Li pa t vle ede Sen yo.

Harris, MartinMartin Harris te ede Joseph Smith tradui plak an nò yo. Li te pèdi kèk paj nan Liv Mòmon an.

Papa ki nan Syèl laPapa ki nan Syèl la se papa kò espri nou yo. Nou priye Papa ki nan Syèl la. Pafwa nou rele Papa nou ki nan Syèl la Bondye.

SentespriSentespri a gen yon kò espri. Li ede Papa ki nan Syèl la ak Jezikri. Li gen pouvwa pou bay Sen yo don espesyal. Li ede yo konnen sa ki byen.

Hyde, OrsonOrson te yon Apot. Se li ki te konsakre peyi Palestin pou pitit Abraam yo te gen yon kote pou yo viv.

EndyenTe gen Endyen ki t ap viv toupatou nan Etazini. Pafwa yo rele Endyen yo Lamanit.

IsrayelitIzrayelit te moun ki t ap viv nan Palestin nan tan lontan.

JakJak te youn nan douz Apot Jezi yo. Pyè, Jak ak Jan te bay Joseph Smith ak Oliver Cowdery Prètriz Mèlkisedèk la.

JezikriJezikri se Sovè nou. Li se Pitit Papa ki nan Syèl la. Pafwa nou rele Jezi Senyè a.

JanJan te youn nan douz Apot Jezi yo. Pyè, Jak ak Jan te bay Joseph Smith ak Oliver Cowdery Prètriz Mèlkisedèk la.

JanbatisJanbatis te viv lè Jezi t ap viv sou tè a. Janbatis te bay Joseph Smith ak Oliver Cowdery Prètriz Aawon an.

Kimball, Heber C.Heber C. Kimball te yon Apot. Li te al fè yon misyon an Angletè.

Kimball, Spencer W.Spencer W. Kimball te douzyèm prezidan Legliz la. Li te yon Apot epitou yon pwofèt.

Knight, Newel K.Newel Knight te vin malad lè Satan t ap eseye anpeche l priye. Joseph Smith te geri Newel Knight.

LamanitYo rele Endyen yo Lamanit nan Liv Mòmon an.

SenyèPafwa nou rele Jezikri Senyè a.

MèlkisedèkMèkisedek te yon pwofèt ki te viv nan tan lontan. Li te gen prètriz la.

MòmonPafwa yo rele manm Legliz la Mòmon paske yo kwè nan Liv Mòmon an.

MowoniMowoni te yon pwofèt ki te viv nan Amerik nan tan lontan. Se li ki te antere plak an nò yo nan Hill Cumorah.

MoyizMoyiz te yon pwofèt ki te viv nan tan lontan. Se li ki te dirije Izrayelit yo lè yo te kite Ejip. Li te bay Joseph Smith ak Oliver Cowdery yon pouvwa espesyal nan prètriz la nan Tanp Kirtland.

Mesye ChandlerMesye Chandler te vann Sen Kirtland yo kèk ansyen woulo papye. Bagay Abraam te ekri yo te sou roulo papye yo.

Mesye HaleMesye Hale te papa Emma Smith.

NoyeNoye te yon pwofèt ki te viv nan tan lontan. Noye te gen prètriz la.

Page, HiramHiram Page te di li te gen yon wòch ki te ba l revelasyon pou Legliz la.

Partridge, EdwardEdward Partridge te premye evèk Legliz la.

PyèPyè te youn nan Douz Apot Jezi yo. Pyè, Jak, ak Jan te bay Joseph Smith ak Oliver Cowdery Prètriz Mèlkisedèk la.

Phelps, William W.William W. Phelps te ede yo kòmanse lekòl nan Jackson County, Misouri.

PyonyePyonye yo se Sen ki te travèse plenn yo pou yo te ale nan Montay Wòch yo.

Pratt, Parley P.Parley P. Pratt te al fè yon misyon pou anseye Lamanit yo.

Richards, WillardWillard Richards te yon zanmi Joseph Smith. Li te avèk Joseph Smith nan prizon Carthage la.

Rigdon, SidneySidney Rigdon te youn nan konseye Joseph yo.

SatanSatan se dyab la. Satan vle bloke travay Papa ki nan Syèl la sou tè a. Li vle detwi Legliz Jezikri a.

Sè Vilate KimballSè Kimball te madanm Heber C. Kimball. Li te yon mannm nan premye Sosyete Sekou a.

Smith, AlvinAlvin Smith te gran frè Joseph Smith. Li te mouri. Joseph te fè yon vizyon kote li te wè Alvin nan wayòm selès syèl la.

Smith, EmmaEmma Smith te madanm Joseph Smith. Se limenm ki te premye dirijan Sosyete Sekou a. Li te fè yon liv chan pou Legliz la.

Smith, HyrumHyrum Smith se gran frè Joseph Smith. Yo te touye Hyrum ansanm avèk Joseph nan Prizon Carthage la.

Smith, JosephJoseph Smith te premye pwofèt ak prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Jezi te bay Joseph Smith revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans yo. Yo te touye Joseph nan Prizon Carthage la.

Smith, Joseph Sr.Joseph Smith Senyò te papa Joseph Smith.

Smith, LucyLucy Smith te manman Joseph Smith.

Smith, SamuelSamuel Smith te ti frè Joseph Smith. Se limenm ki te premye misyonè Legliz la.

Snow, Eliza R.Eliza R. Snow te yon manm nan premye Sosyete Sekou a.

Taylor, JohnJohn Taylor te yon zanmi Joseph Smith. Li te avek pwofèt la nan prizon Carthage la. Li te vin Prezidan Legliz la.

Whitmer, DavidDavid Whitmer te youn nan temwen ki te wè plak an nò yo. Li te ede kòmanse Legliz la le 6 avril 1830.

Whitmer, PeterPeter Whitmer te ede kòmanse Legliz la le 6 avril 1830.

Whitney, NewelNewel Whitney te dezyèm evèk Legliz la.

Williams, Frederick G.Frederick G. Williams te youn nan konseye Joseph Smith yo.

Young, BrighamBrigham Young te youn nan douz Apot yo. Se limenm ki te chèf pyonye yo. Se limenm ki te pwofèt Legliz la apre Joseph Smith.

Young, PhineasPhineas Young te frè Brigham Young.

Enprime